Nations Bible

Deuteronomio 29

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la. 2Moïse te konvoke tout Israël e te di yo:

“Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a; 3gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo. 4Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande. 5Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou. 6Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an. 7Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo. 8Nou te pran peyi pa yo a pou bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo. 9Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè. 10Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo, 11timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo, 12pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a, 13pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la. 14Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap fè akò sila a avèk sèman sila a, 15men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a 16(paske nou konnen kijan nou te viv nan peyi Égypte la ak kijan nou te pase nan mitan nasyon kote nou te pase yo; 17anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo); 18pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa. 19Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’ 20SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la. 21Epi SENYÈ a va mete li apa pou mechanste l soti nan tout tribi Israël yo, selon tout madichon a akò ki ekri nan liv lalwa sila a.

22“Alò, jenerasyon k ap vini an—fis nou ki leve apre nou yo, avèk etranje a ki sòti nan yon peyi lwen—lè yo wè toumant a peyi ak maladi avèk sila SENYÈ a te aflije li yo, yo va di: 23Tout tèritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li. 24Tout nasyon yo va di: ‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’

25“Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’ 26Yo te sèvi lòt dye yo e yo te adore yo, dye ke yo pa t konnen e ke Li pa t janm te ba yo. 27Pou sa, kòlè SENYÈ a te brile kont peyi a, pou mennen sou li tout madichon ki ekri nan liv sa a. 28SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”

29Bagay sekrè yo apatyen a SENYÈ a, Bondye nou an. Men bagay ki revele yo se pou nou menm avèk fis nou yo jis pou tout tan, pou nou kapab obsève tout pawòl lalwa sila yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La Renovación del Pacto en Moab

  • El pacto en la tierra de Moab se presenta como un acuerdo adicional al establecido en el monte Horeb. Para alentar la fidelidad, Moisés recordó los cuarenta años en el desierto y las victorias sobre el rey Sehón de Hesbón y el rey Og de Basán.Fuentes: el propio texto bíblico · Horeb · Sihon · Og
  • La reunión del pacto incluyó a toda la comunidad, desde líderes tribales, ancianos y hombres hasta mujeres, niños y extranjeros residentes que cortaban leña y sacaban agua. Moisés enfatizó que el juramento obligaba no solo a los presentes ese día, sino también a las generaciones futuras.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Moisés advirtió al pueblo que no se apartara para adorar ídolos hechos de madera, piedra, plata y oro. La violación del pacto traería un juicio severo, dejando la tierra como un desierto estéril de azufre y sal, semejante a la destrucción de Sodoma y Gomorra.Fuentes: el propio texto bíblico · Sodom

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 1
  • Mount Horeb · Hoy: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículo 1
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 16, 25
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 7

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.