Deuteronomio 11
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Pou sa, nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo. 2Byen konnen nan jou sa a, ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a, 3epi sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a; 4ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a; 5epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a; 6epi sa Li te fè aDathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo—— 7konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.
8“Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an; 9jis pou jou nou yo kapab vin pi plis nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou ba yo ak desandan pa yo, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. 10Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim. 11Men peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la, 12yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.
13“Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. 15Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.
16“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo. 17Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an. 18Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 19Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. 20Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, 21jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.
22“Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e kenbe fèm a Li, 23alò, SENYÈ a va chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo. 24Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Euphrate la, pou jis rive nan lanmè lwès la. 25P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an.
26“Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; 27Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; 28epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.
29“Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la. 30Èske yo pa anfas Jourdain an, vè lwès, vè solèy kouche a, nan peyi Kanaaneyen ki rete Araba yo, anfas Guilgal, akote chenn Moré yo.
31Paske nou prèt pou travèse Jourdain an pou antre posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, e nou va posede li pou viv ladann. 32Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a.

¿Sabías que…?
Amor, Obediencia y la Tierra de las Lluvias
- Moisés contrasta la agricultura en Egipto con la vida en la Tierra Prometida. Mientras que en el valle del Nilo los cultivos dependían del riego manual, descrito como regar a pie como un huerto, Canaán era una tierra de montes y valles que dependía de las lluvias estacionales de otoño y primavera.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
- El discurso apela a la memoria de los israelitas que presenciaron los hechos, recordándoles el juicio sobre Datán y Abiram, hijos del rubenita Eliab. Durante la travesía en el desierto, la tierra se abrió y se tragó a estos hombres junto con sus familias y pertenencias.Fuentes: el propio texto bíblico · Dathan · Abiram (son of Eliab) · Eliab
- El territorio prometido se delimita desde el desierto meridional hasta las montañas del Líbano, y desde el río Éufrates hasta el mar Occidental. Tras cruzar el Jordán, el pueblo debía proclamar las bendiciones en el monte Gerizim y las maldiciones en el monte Ebal.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon · Euphrates · Jordan
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 3, 4, 10
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 8, 11, 30, 31
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 24
- Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 24
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 24
- Mount Ebal · 32.234, 35.273 · versículo 29
- Mount Gerizim · 32.199, 35.273 · versículo 29
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 30
- Moreh · Hoy: within 1 km of Tell Balatah · 32.214, 35.282 · versículo 30
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org