Deuteronomio 10
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1“Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e fè yon lach an bwa pou kont ou. 2Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
3“Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. 4Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, Dis Kòmanman ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. 5Konsa, mwen te vire desann kite mòn nan. Mwen te mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”
6(Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li. 7Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo. 8Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a. 9Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.
10“Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. 11Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’
12“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
14“Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann. 15Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.
17“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.
20“Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li. 21Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. 22Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.
¿Sabías que…?
Nuevas Tablas de Piedra y el Llamado a la Obediencia
- Tras haber roto las primeras tablas a causa del becerro de oro, Moisés recibió la orden de labrar dos nuevas tablas de piedra y fabricar un arca de madera de acacia para guardarlas. Estas tablas de reemplazo, con los Diez Mandamientos, fueron depositadas en el arca, donde permanecieron.Fuentes: el propio texto bíblico
- La tribu de Leví fue apartada para funciones sagradas, como transportar el arca del pacto, ministrar ante el Señor y pronunciar bendiciones en Su nombre. Debido a esta dedicación exclusiva al servicio divino, Leví no recibió herencia territorial entre las demás tribus de Israel.Fuentes: el propio texto bíblico · Levi (patriarch)
- Moisés recordó a Israel sus humildes comienzos, señalando que sus antepasados eran solo setenta personas cuando descendieron a Egipto. Se mandó al pueblo hacer justicia a los huérfanos y viudas y amar a los extranjeros, recordando que ellos mismos habían sido forasteros en la tierra de Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Beeroth Bene-jaakan · Hoy: Birein · 30.792, 34.473 · versículo 6
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 19, 22
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org