Amós 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:
2Li fin tonbe, li p ap leve ankò—
Vyèj Israël la.
Li kouche byen neglije sou tèren li;
nanpwen moun ki pou leve l.
3Paske, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Vil ki te gen mil sòlda soti,
va gen san ki rete,
e sila ki gen san ki ale yo,
va gen dis ki rete pou lakay Israël.”
4Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël:
“Chache Mwen pou nou ka viv.
5Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal,
ni travèse Beer-Schéba.
Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite
e gwo twoub va rive Béthel.
6Chache SENYÈ a pou nou ka viv,
sinon Li va eklate kon dife
nan lakay Joseph,
e li va devore san pa gen okenn moun
ki pou etenn li Béthel.
7Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè,
e ki jete ladwati rive jis atè yo,
8Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo,
ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,
ki etenn lajounen pou fè lannwit,
ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;
SENYÈ a, se non L.
9Se Li menm ki jayi ak destriksyon
sou moun pwisan yo,
jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
10Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la
ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
11Konsa, akoz nou foule malere a,
e egzije taks nan ble sou li,
akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye,
malgre nou pa menm rete nan yo,
konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo,
men nou p ap bwè diven yo.
12Paske Mwen konnen transgresyon nou yo
vin anpil e peche nou yo vin gran;
nou menm ki boulvèse moun dwat yo,
ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo,
e ki detounen malere a nan pòtay la.
13Alò nan yon tan konsa,
sila ki saj la oblije rete an silans,
paske tan an vin plen ak mechanste.
14Chache sa ki bon e pa sa ki mal,
pou nou ka viv;
epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,
jis jan nou te pale a!
15Rayi mal e renmen sa ki bon,
e etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ka fè gras a retay Joseph la.”
16Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di :
“Va gen gwo lamantasyon tout kote
e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’
Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy,
yo va peye moun pou l fè lamantasyon.
17Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri,
paske Mwen va pase nan mitan nou”,
di SENYÈ a.
18Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a!
Pouki sa nou anvi wè jou SENYÈ a?
Li va yon jou tenèb olye limyè.
19Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l
rankontre yon lous;
oswa pou l rive lakay li,
apiye men l sou mi kay la,
pou yon koulèv vin mòde l.
20Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb
olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
21Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,
ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
22Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,
Mwen p ap aksepte yo;
ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a
bèt gra nou yo.
23Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;
Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
24Men kite jistis koule desann tankou dlo,
e ladwati tankou yon gwo larivyè,
25Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? 26Anplis nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo. 27“Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.

¿Sabías que…?
Un Llamado a la Justicia y Lamentación
- Amós instó al reino del norte de Israel a no buscar antiguos centros de peregrinación como Betel, Gilgal o Berseba, advirtiendo que estos santuarios no los librarían de la ruina. Betel y Gilgal eran destacados centros históricos de culto, mientras que Berseba se encontraba en el sur, pero el profeta insistió en que los rituales en estos lugares carecían de valor sin obediencia moral.Fuentes: el propio texto bíblico · Bethel (of Palestine) · Gilgal · Beersheba
- En las antiguas ciudades israelitas, la puerta de la ciudad servía como el principal centro cívico y judicial donde se resolvían disputas legales y los ancianos administraban justicia. Amós denunció a las élites por aceptar sobornos, silenciar a testigos íntegros y despojar de sus derechos a los pobres en estos juicios.Fuentes: el propio texto bíblico
- La advertencia de que Israel sería llevado al exilio más allá de Damasco señalaba una inminente derrota y deportación al noreste de la antigua capital siria. Damasco era una destacada potencia política y comercial al norte de Jerusalén, y representaba una referencia geográfica clave para las invasiones norteñas.Fuentes: el propio texto bíblico · Damascus
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículo 27
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org