Hechos 27
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius. 2Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.
3Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.
4Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon Chypre akoz van an ki te kontrè. 5Lè nou te fin travèse lanmè a toupre kot Cilicie ak Pamphylie, nou te rive nan Myra, nan Lycie. 6La santenye a te twouve yon bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake. 7Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon Crète la, toupre Salmone. 8Konsa, avèk difikilte, nou te vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a.
9Lè anpil tan te fin pase, vwayaj la te vin andanje akoz ke tan Fèt Jèn nan te fin pase, e Paul te kòmanse avèti yo. 10Li te di yo, “Mesye yo, mwen prevwa ke vwayaj la va an verite gen donmaj ak gwo pèt, non sèlman pou bagay nou pote ak bato a, men anplis pou lavi nou.”
11Men santenye a te plis enfliyanse pa pilòt la ak kaptenn bato a, ke pawòl a Paul yo. 12Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.
13Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la. 14Men avan anpil tan, yon van vyolan, ke yo te rele Euraquilon te desann soti atè e te vin vole sou yo. 15Konsa, lè bato a te pran nan li, li pa t kab fè fas a van an, e nou te kite l pran nou pou lèse nou pouse pa van an.
16Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl. 17Lè yo te fin leve l, yo te sèvi ak kab pou ranfòse bato a. Akoz pè ke yo ta vin echwe nan bafon Syrte la, yo te desann gwo vwal la, epi konsa kite van an pouse yo avanse.
18Nan demen, pandan nou t ap jete toupatou avèk vyolans akoz van an, yo te kòmanse vide chaj yo pote nan lanmè. 19Nan twazyèm jou a, yo te jete tout aparèy pou manevre bato a nan lanmè avèk pwòp men yo. 20Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt.
21Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: “Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou evite fè rive donmaj ak pèt sila yo. 22Men koulye a mwen ankouraje nou pou pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a. 23Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen an, e Sila ke m sèvi a, te kanpe devan mwen. 24Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’ 25Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an. 26Men fòk nou echwe sou yon sèten lil.”
27Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van an t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè. 28Lè Yo te sonde, yo te twouve ke se te a ven bwas pwofondè; epi yon ti kras pi lwen, yo te sonde ankò, e te twouve li a kenz bwas. 29Nan pè pou nou ta kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive. 30Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo, 31Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”
32Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib.
33Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen. 34Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.” 35Lè l fin di sa, li te pran pen e te remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje. 36Yo tout te ankouraje e yo menm yo tout te pran manje. 37Nou tout nan bato a se te de-san-swasann-sèz moun. 38Lè yo te manje kont yo, yo te kòmanse fè bato a pi lejè pa voye ble nan lanmè a.
39Lè jounen an te vin rive yo pa t rekonèt tè a, men yo te wè yon pò avèk yon plaj, e yo te pran kouraj pou dirije bato a vè li si l te posib. 40Konsa, yo te jete lank yo, e te kite yo nan lanmè a, pandan nan menm moman an yo t ap lage kòd gouvènay yo, yo te monte vwal devan an pou van an pran l; konsa yo te tire vè plaj la. 41Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an mòso akoz gwo vag lanmè a.
42Sòlda yo te fè plan pou touye tout prizonye yo, pou okenn nan yo pa ta chape naje nan lanmè a.
43Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè, 44epi rès la ta swiv yo, kèk sou mòso bwa, e lòt yo sou plizyè lòt bagay pou kite bato a.
Konsa li te rive, ke yo tout te vin rive sof atè.

¿Sabías que…?
Tormenta y naufragio camino a Roma
- Pablo y los demás prisioneros no navegaron directo a Italia. En Cesarea abordaron un barco de Adramitio, ciudad de la costa de Misia, en Asia Menor, con rumbo a puertos a lo largo de la costa de Asia, nombre que el Easton's Bible Dictionary entiende en este versículo probablemente como Asia Menor, y ese barco los llevó solo hasta Mira, en Licia. Allí el centurión los hizo subir a un barco alejandrino que navegaba hacia Italia; el diccionario señala que era raro que un barco zarpara de cualquier puerto de Palestina directo a Italia.Fuentes: Adramyttium · Asia · el propio texto bíblico
- Los prisioneros fueron entregados a Julio, centurión del Regimiento Imperial. El Easton's Bible Dictionary lo identifica como centurión de la cohorte Augusta, o de la guardia personal del emperador, y describe el trato cortés que tuvo con Pablo. En Sidón, a unas veinticinco millas al norte de Tiro, le permitió visitar a sus amigos y recibir atención; más tarde impidió el plan de los soldados de matar a los prisioneros, para que se salvara la vida de Pablo.Fuentes: Julius · Sidon · el propio texto bíblico
- Después de Gnido, el barco avanzó a lo largo de Creta, una de las islas más grandes del Mediterráneo, de unas 140 millas de largo y 35 de ancho, que Pablo visitó en este viaje a Roma. El relato dice que el viaje ya se había vuelto peligroso porque era después del Ayuno, y que Buenos Puertos no era adecuado para invernar. Una cronología fecha el inicio del viaje a Roma en el año 56 d.C. y el naufragio en la tormenta en el 57 d.C.Fuentes: Crete · Journey to Rome begins · Paul is shipwrecked by a storm · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Italy · 41.892, 12.485 · versículos 1, 6
- Adramyttium · Hoy: Oren · 39.501, 26.933 · versículo 2
- Asia · 38.400, 28.300 · versículo 2
- Thessalonica · Hoy: Thessaloniki · 40.638, 22.946 · versículo 2
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 3
- Cyprus · 35.000, 33.000 · versículo 4
- Cilicia · 36.913, 34.892 · versículo 5
- Lycia · 36.733, 29.900 · versículo 5
- Myra · 36.259, 29.985 · versículo 5
- Pamphylia · 37.000, 31.000 · versículo 5
- Alexandria · 31.183, 29.896 · versículo 6
- Cnidus · 36.686, 27.375 · versículo 7
- Crete · 35.310, 24.893 · versículos 7, 8, 12, 13, 14, 21
- Salmone · Hoy: Cape Sideros · 35.316, 26.312 · versículo 7
- Fair Havens · Hoy: Kaloi Limenes · 34.930, 24.800 · versículos 8, 12
- Lasea · Hoy: Lasaea · 34.941, 24.811 · versículo 8
- Cauda · Hoy: Gavdos · 34.833, 24.083 · versículo 16
- Syrtis · Hoy: Sidra · 31.500, 18.000 · versículo 17
- Adriatic Sea · Hoy: Adriatic and Ionian Seas · 38.000, 19.000 · versículo 27
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org