Hechos 26
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Agrippa te di a Paul: “Ou gen dwa pale pou tèt ou.”
Epi Paul te lonje men li pou te kòmanse fè defans li. 2“Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a; 3Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.
4“Alò konsa, tout Jwif yo konnen kalite vi mwen depi nan jenès mwen, ki soti nan kòmansman an ki te pase pami pwòp nasyon mwen, ak nan Jérusalem. 5Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.
6“Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la pou lespwa pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo. 7Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo. 8Poukisa pami nou, nou twouve li enkwayab ke Bondye kapab leve mò yo?
9“Alò mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la. 10Epi sa, mwen te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo. 11Epi pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.
12“Pandan mwen te angaje konsa, mwen te fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo. 13Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo. 14Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’
15“Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’
“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 16Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; 17k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, 18pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
19“Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la, 20men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.
21“Pou rezon sa a, kèk Jwif te sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò. 22Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo. 23Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”
24Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”
25Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezone. 26Paske Wa a okouran de tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen. 27Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.”
28Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vle pèswade m pou devni yon Kretyen?”
29Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”
30Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo. 31Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”
32Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa libere si li pa t fè apèl a César.”

¿Sabías que…?
La defensa de Pablo ante el rey Agripa
- El Diccionario Bíblico de Easton (1897) identifica al Agripa de esta audiencia como Agripa II, nacido en Roma en el año 27 d.C. y hermano de Berenice y Drusila. La obra registra que el emperador Claudio lo nombró superintendente del Templo de Jerusalén en el 48 d.C. y gobernador de Calcis en el 50 d.C., y después rey sobre la tetrarquía de Felipe y Lisanias. Ese trasfondo ilumina la apelación de Pablo a la familiaridad del rey con las costumbres y las controversias judías, y Berenice, hermana de Agripa, estaba presente y se levantó con el rey y el gobernador cuando terminó la audiencia.Fuentes: Agrippa · Bernice · el propio texto bíblico
- Festo, que había sucedido a Félix como procurador de Judea, oyó a Pablo en Cesarea en presencia de Herodes Agripa II y de Berenice. No halló en él nada digno de muerte o de prisión y lo habría puesto en libertad, pero Pablo había apelado al César; por eso Festo lo envió a Roma.Fuentes: Portius Festus · el propio texto bíblico
- Pablo le cuenta a Agripa que, alrededor del mediodía, en el camino a Damasco, vio una luz del cielo, más brillante que el sol, que brillaba alrededor de él y de sus compañeros, y oyó una voz en hebreo que lo llamaba Saulo. Damasco está a unas 133 millas al norte de Jerusalén. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) dice que Saulo era su nombre hebreo y que el nombre Pablo probablemente también le fue dado en la infancia para usarlo en el mundo gentil; era natural de Tarso, capital de Cilicia, una provincia romana en el sureste de Asia Menor.Fuentes: Paul · Damascus · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 10, 20
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 9
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 12, 20
- Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 20
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org