Hechos 20
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale Macédoine. 2Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.
3Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine. 4Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak Trophime ki sòti an Asie. 5Men sila yo te ale avan, e t ap tann nou Troas.
6Nou te pran bato a vwal soti Philippes, apre jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou. 7Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. 8Te gen anpil lanp nan chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
9Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy.
Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.
10Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” 11Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. 12Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
13Men nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè. 14Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.
15Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive Milèt.
16Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te rive Jérusalem, si se te posib nan jou Fèt Lapannkot la.
17Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele ansyen a legliz yo pou rive kote l. 18Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo. 20Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
22“Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, 23sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. 24Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
25“Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò. 26Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke mwen inosan de san tout moun. 27Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.
28“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.
29“Mwen konnen ke apre mwen pati, lou sovaj va vini pami nou, lou ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. 30Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo. 31Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.
32“Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
33“Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. 34Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. 35Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
36Lè l te fin di bagay sa yo, li te mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.
37Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil. 38Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.

¿Sabías que…?
Despedida camino a Jerusalén
- Al salir de Troas, Pablo envió a sus compañeros por delante en el barco y caminó hasta Assos por el camino romano. Assos era un puerto de la Asia proconsular, en Misia, en la costa norte del golfo de Adramitio; el trayecto a pie era de unas 20 millas, el de mar de unas 30, y la isla de Lesbos quedaba a unas 7 millas de la costa.Fuentes: el propio texto bíblico · Assos
- Pablo pasó de largo frente a Éfeso para no demorarse en la provincia de Asia —la provincia romana del oeste de Asia Menor, cuya capital era Éfeso—, porque esperaba, si era posible, llegar a Jerusalén para el día de Pentecostés. Se detuvo en Mileto, un puerto y la antigua capital de Jonia, a unas 36 millas al sur de Éfeso, y mandó llamar a los ancianos de la iglesia de Éfeso.Fuentes: el propio texto bíblico · Asia · Miletus
- Siete hombres viajaban con él: Sópater de Berea, Aristarco y Segundo de Tesalónica, Gayo de Derbe, Timoteo, y Tíquico y Trófimo de Asia. Aristarco, de Tesalónica, más tarde compartió el encarcelamiento de Pablo en Roma, y Trófimo, efesio, lo acompañó en esta parte del viaje y estuvo con él en Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Aristarchus · Trophimus
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Macedonia · 41.600, 22.540 · versículos 1, 3, 6
- Greece · 37.972, 23.727 · versículo 2
- Syria · Hoy: Syria 2 · 33.511, 36.306 · versículo 3
- Asia · 38.400, 28.300 · versículos 4, 16, 18
- Berea · Hoy: Veria · 40.518, 22.200 · versículo 4
- Thessalonica · Hoy: Thessaloniki · 40.638, 22.946 · versículo 4
- Troas · Hoy: Alexandria Troas · 39.752, 26.159 · versículos 5, 6
- Philippi · 41.012, 24.285 · versículo 6
- Assos · 39.491, 26.337 · versículos 13, 14
- Mitylene · Hoy: ancient theater at Mitylene · 39.110, 26.547 · versículo 14
- Chios · 38.373, 26.137 · versículo 15
- Miletus · 37.531, 27.276 · versículos 15, 17
- Samos · 37.750, 26.833 · versículo 15
- Trogyllium · Hoy: Cape Mycale · 37.659, 27.003 · versículo 15
- Ephesus · 37.939, 27.341 · versículos 16, 17
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 16, 22
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org