Nations Bible

Hechos 19

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip. 2Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?”

Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”

3Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?”

Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”.

4Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.” 5Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri. 6Pandan Paul te poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse pale avèk lang ak pwofetize. 7Te gen an tou, anviwon douz mesye.

8Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.

9Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la. 10Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.

11Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul 12jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.

13Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” 14Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.

15Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”

16Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.

17Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.

18Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan. 20Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.

21Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.” 22Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.

23Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.

24Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a. 25Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a. 26Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm. 27Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”

28Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis Efezyen yo!” 29Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.

30Lè Paul te vle antre nan asanble a, disip yo te anpeche li. 31Anplis, kèk nan ofisye Lazi ki te zanmi li yo te voye di l plizyè fwa pou l pa antre nan teyat la.

32Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan.

33Jwif yo te mennen Alexander devan foul la. Li t ap fè sinyal avèk men l, konsi li t ap prezante yon defans a foul la. 34Men lè yo te vin konprann ke se te yon Jwif li te ye, yon gwo kri te leve pami foul la. Yo te kontinye rele pandan anviwon dezè de tan: “Gran se Artimis a Efezyen yo!”

35Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la? 36Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj. 37Paske nou fè mesye sila yo vini isit la, ki pa ni vòlè tanp lan, ni yo pa blasfeme deyès nou an. 38Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.

39“Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la. 40Paske vrèman, nou an danje akizasyon de soulèvman akoz sa ki pase la jodi a. Nanpwen rezon pou li. Konsa, nou p ap kapab rann kont pou asanble a ki an dezòd konsa.” 41Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Pablo, el Camino y Artemisa en Éfeso

  • Éfeso era la capital del Asia proconsular, la provincia romana que abarcaba la parte occidental de Asia Menor, y en tiempos romanos llevaba el título de primera y más grande metrópoli de Asia. La ciudad se distinguía por el templo de Artemisa, a quien los romanos llamaban Diana, construido fuera de las murallas y contado entre las siete maravillas del mundo antiguo. En el centro había una imagen antigua de la diosa, de la que se decía que había caído del cielo.Fuentes: Ephesus · Diana · Asia
  • Demetrio, un platero de Éfeso, hacía santuarios de plata de Artemisa, modelos del templo o de la estatua de la diosa, que se vendían con facilidad a los visitantes llegados de toda Asia Menor. Hechos dice que ese oficio era la fuente de prosperidad de los artesanos y que Demetrio les advirtió del peligro para el negocio y para el honor del templo de Artemisa, la diosa que, según él, era adorada en toda la provincia de Asia y en el mundo entero.Fuentes: Demetrius · el propio texto bíblico
  • La multitud se lanzó al teatro de Éfeso, que el Diccionario Bíblico de Easton (1897) describe como el más grande del mundo, a cielo abierto y capaz de albergar a 50.000 espectadores. Amigos de Pablo entre los jefes de Asia, ciudadanos ricos elegidos cada año para presidir los juegos y las fiestas religiosas de sus ciudades, le rogaron que no entrara. El secretario de la ciudad recordó entonces a la asamblea que Éfeso era guardiana del templo de la gran Artemisa y de su imagen, de la que se decía que había caído del cielo.Fuentes: Ephesus · Asia · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Corinth · 37.906, 22.879 · versículo 1
  • Ephesus · 37.939, 27.341 · versículos 1, 17, 23, 26, 35
  • Asia · 38.400, 28.300 · versículos 10, 22, 26, 27, 31
  • Achaia · 38.720, 22.540 · versículo 21
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 21
  • Macedonia · 41.600, 22.540 · versículos 21, 22, 29
  • Rome · 41.892, 12.485 · versículos 21, 40

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.