Nations Bible

Hechos 17

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.

2Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo. 3Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”

4Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite fanm enpòtan.

5Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.

6Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou. 7Se Jason ki resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!” 8Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo.

9Lè yo te resevwa yon bon garanti nan men Jason ak lòt yo, yo te lage yo.

10Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.

11Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa. 12Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo.

13Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.

14Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e Silas ak Timothée te rete la. 15Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.

16Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.

17Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rankontre yo.

18Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.

19Konsa, yo te pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a. 20Paske w ap pote kèk bagay byen dwòl nan zòrèy nou. Konsa, nou vle konnen kisa bagay sa yo vle di.” 21(Alò, tout Atenyen yo ak lòt etranje ki t ap vizite la yo te konn pase tout tan yo nan pale, oswa nan tande kèk lide nèf.)

22Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans. 23Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.

24“Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

26“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

28“‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

30“Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”

32Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.

33Konsa Paul te sòti nan mitan yo.

34Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

De la sinagoga al Areópago

  • Tesalónica era una ciudad grande y populosa a orillas del golfo Termaico, capital de uno de los cuatro distritos romanos de Macedonia, gobernada por un pretor. Jasón hospedó allí a Pablo y a Silas; una multitud allanó su casa y, al no hallar a los dos, arrastraron a Jasón y a otros hermanos ante las autoridades de la ciudad. Los acusaron de acoger a hombres que desafiaban los decretos del César y hablaban de otro rey, Jesús, y las autoridades solo los soltaron después de tomar fianza.Fuentes: Thessalonica · Jason · el propio texto bíblico
  • Atenas, capital del Ática, era celebrada como sede de la literatura y el arte griegos, y sus habitantes eran aficionados a la novedad y notables por su celo en el culto a los dioses. Un satírico romano decía que era más fácil encontrar un dios en Atenas que un hombre. El Areópago, una colina rocosa al noroeste de la Acrópolis, era el lugar donde funcionaban el tribunal supremo ateniense y el tribunal de las costumbres, y Pablo pronunció el discurso de este capítulo desde algún punto de esa colina.Fuentes: Athens · Areopagus · el propio texto bíblico
  • Pablo y Silas llegaron a Tesalónica solo después de pasar por Anfípolis, ciudad macedonia y gran estación militar romana, a treinta y tres millas romanas de Filipos, y por Apolonia, a unas treinta y seis millas de Tesalónica. Cuando los disturbios los siguieron hasta Berea, otra ciudad de Macedonia, los hermanos enviaron a Pablo a la costa, y quienes lo escoltaron lo llevaron hasta Atenas. Silas y Timoteo se quedaron en Berea, con la instrucción de reunirse con Pablo tan pronto como pudieran.Fuentes: Amphipolis · Apollonia · Berea · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Amphipolis · 40.820, 23.847 · versículo 1
  • Apollonia · 40.624, 23.470 · versículo 1
  • Thessalonica · Hoy: Thessaloniki · 40.638, 22.946 · versículos 1, 11, 13
  • Berea · Hoy: Veria · 40.518, 22.200 · versículos 10, 11, 13, 14, 15
  • Athens · 37.972, 23.727 · versículos 15, 16, 21, 22
  • Areopagus · 37.972, 23.724 · versículos 19, 22, 33

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.