Hechos 16
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre.
Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk. 2Tout frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li. 3Paul te vle Timothée ale avè l. Pou rezon sa a, li te fè li sikonsi, akoz Jwif ki te nan landwa sila yo. Paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk.
4Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem. 5Donk legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap grandi an nonb chak jou.
6Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.
9Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
11Donk, nou te pran vwal sou lanmè soti Troas. Nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis. 12Nou te kite la pou Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.
13Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.
14Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.
16Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. 17Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, chemen sali a.” 18Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.
Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.
19Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo. 20Lè yo te mennen yo a chèf majistra yo, yo te di: “Mesye sa yo se Jwif yo k ap boulvèse vil nou an. 21Y ap pwoklame koutim ki pa pèmèt pou nou aksepte ni obsève kòm Women.”
22Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton.
23Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande jandam prizon an pou veye yo de prè. 24Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.
25Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
26Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.
27Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.
28Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”
29Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas, 30te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”
31Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.” 32Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.
33Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.
35Alò, lè jounen an te rive, chèf majistra yo te voye jandam yo pou di: “Lage moun sa yo.”
36Jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul. Li te di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale anpè.”
37Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman, moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.”
38Jandam yo te bay rapò a pawòl sila yo bay chèf majistra yo. Yo te pè lè yo te tande ke se te Women yo te ye. 39Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te mande yo pou kite vil la.
40Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie. Lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati.

¿Sabías que…?
De Listra a Filipos
- En Listra, Pablo encontró a Timoteo, un discípulo de quien hablaban bien los hermanos de Listra e Iconio, hijo de una judía creyente y de un padre griego. Queriendo llevarlo como compañero, Pablo lo circuncidó a causa de los judíos de allí, que sabían que su padre era griego. El diccionario bíblico de Easton (1897) dice que Timoteo probablemente vivía en Listra y parece haberse convertido en la visita anterior de Pablo.Fuentes: el propio texto bíblico · Timotheus
- Después de que se les impidió hablar en la provincia de Asia, Pablo y sus compañeros viajaron por Frigia y Galacia. En la frontera de Misia no se les permitió entrar en Bitinia, así que bajaron a Troas, el puerto principal de Misia, en la costa noroeste de Asia Menor, ciudad que recibió su nombre de la antigua Troya, a unas cuatro millas al norte. Allí, una visión nocturna de un hombre de Macedonia que pedía ayuda los llevó a navegar hacia esa provincia romana al norte de Grecia.Fuentes: el propio texto bíblico · Mysia · Troas · Macedonia
- En la colonia romana de Filipos, Pablo y sus compañeros encontraron, junto al río y fuera de la puerta de la ciudad, un lugar donde era costumbre orar, y allí se habían reunido unas mujeres. Entre ellas estaba Lidia, comerciante de telas de púrpura, de Tiatira, y adoradora de Dios; después de que ella y los de su casa fueron bautizados, convenció a los viajeros de quedarse en su casa. El diccionario bíblico de Easton (1897) la describe como una prosélita de considerable riqueza y como la primera persona en Europa que abrazó el cristianismo.Fuentes: el propio texto bíblico · Lydia
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Lystra · Hoy: Tel Lystra · 37.602, 32.338 · versículos 1, 2
- Iconium · Hoy: Konya · 37.872, 32.492 · versículo 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 4
- Asia · 38.400, 28.300 · versículo 6
- Galatia · 39.267, 32.983 · versículo 6
- Phrygia · 39.000, 31.000 · versículo 6
- Bithynia · 40.500, 31.000 · versículo 7
- Mysia · 40.000, 28.500 · versículos 7, 8
- Troas · Hoy: Alexandria Troas · 39.752, 26.159 · versículos 8, 11
- Greece · 37.972, 23.727 · versículo 9
- Macedonia · 41.600, 22.540 · versículos 9, 10, 12
- Neapolis · Hoy: Kavala · 40.935, 24.415 · versículo 11
- Samothrace · Hoy: Samothraki · 40.450, 25.583 · versículo 11
- Philippi · 41.012, 24.285 · versículo 12
- Thyatira · Hoy: Akhisar · 38.920, 27.837 · versículo 14
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org