2 Samuel 8
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. 2Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.
3Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. 4David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. 5Lè Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. 6Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 7David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. 8Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.
9Alò lè Thoï, wa a Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. 10Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. 11Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: 12Soti nan Syrie avèk Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.
13Konsa, David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan Vale Sèl la. 14Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
15David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 16Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a. 17Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. 18Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.

¿Sabías que…?
Las Conquistas y la Administración de David
- La expresión Meteg-ama en 2 Samuel 8:1 significa literalmente "el freno de la ciudad madre", un término figurativo para la conquista de una ciudad capital, la cual se identifica como Gat en el pasaje paralelo de 1 Crónicas 18:1.Fuentes: Metheg-ammah · el propio texto bíblico
- Hadad-ezer de Soba gobernaba un reino arameo que se extendía hacia el río Éufrates. La victoria de David sobre él aseguró el dominio sobre Damasco y motivó al rey Toi de Hamat, rival de Hadad-ezer, a enviar a su hijo Joram con tributos de oro, plata y bronce.Fuentes: Zobah · Toi · Joram · el propio texto bíblico
- El capítulo detalla la estructura del gobierno central de David, nombrando a Joab como comandante del ejército, a Josafat como cronista, a Sadoc y Ahimelec como sacerdotes, a Seraías como escriba y a Benaía al mando de los cereteos y peleteos.Fuentes: Joab · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 2, 12
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 3
- Zobah · 33.935, 36.151 · versículos 3, 5, 12
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 5
- Aram · 33.511, 36.306 · versículo 6
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
- Hamath · Hoy: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 9
- Amalek · 30.648, 34.422 · versículo 12
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 12
- Edom · 30.746, 35.604 · versículos 12, 13, 14
- Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 12
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org