2 Samuel 7
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo, 2ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”
3Nathan te di a wa a: “Ale, fè tout sa ki nan tèt ou, paske SENYÈ a avèk ou.”
4Men nan menm nwit lan, pawòl SENYÈ a te vini a Nathan e te di: 5“Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, “Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann? 6Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon tant, menm yon tabènak. 7Nenpòt kote ke M te ale avèk tout fis Israël yo, èske M te pale yon sèl pawòl avèk youn nan tribi a Israël yo, ke M te kòmande pou fè bèje a pèp Mwen an, Israël, pou di: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay ki fèt an sèd?’ 8Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël. 9Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo. 10Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan, 11menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou. 12Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li. 13Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. 14Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. 16Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’” 17An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David.
18Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la? 19Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE 20Ankò, ki bagay anplis David kab di Ou? Paske Ou konnen sèvitè Ou a, O Mèt, BONDYE! 21Pou koz a pawòl Ou e selon pwòp kè Ou, Ou te fè tout gwo bagay sila yo pou fè sèvitè Ou konnen. 22Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou. 23Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo. 24Paske Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo.
25“Pou sa, koulye a, O SENYÈ Bondye, pawòl ke Ou te pale konsènan sèvitè Ou avèk lakay li a, konfime nèt e fè jan Ou te pale a. 26Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’ 27Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm.
28“Alò, O Senyè BONDYE, Ou se Bondye. Pawòl Ou se verite e Ou te pwomèt bon bagay sila a a sèvitè pa Ou a. 29Alò, pou sa, pou li kapab fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè pa Ou a, pou li kapab kontinye pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O Senyè BONDYE, te pale; epi avèk benediksyon pa Ou, pou lakay sèvitè Ou a kapab beni pou tout tan.”

¿Sabías que…?
El pacto de Dios con David
- El profeta Natán aparece aquí por primera vez en el relato bíblico. Se desempeñó como un consejero de confianza durante los reinados de David y Salomón, guiando más tarde la sucesión real y confrontando al rey en momentos decisivos.Fuentes: Nathan · el propio texto bíblico
- Cuando David propuso construir un templo permanente de cedro, Dios respondió con un juego de palabras sobre el término "casa". En lugar de que David construyera una casa física para el arca, Dios prometió edificar para David una "casa" duradera: una dinastía real cuyo trono se afirmaría para siempre.Fuentes: el propio texto bíblico · David
- Dios le recordó a David que, desde la salida de Israel de Egipto, Su presencia se había desplazado en una tienda en lugar de habitar en un edificio fijo de cedro, destacando el santuario móvil que había acompañado a la nación a través de las generaciones.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org