2 Reyes 21
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba. 2Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo. 3Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo. 4Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.” 5Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan de lakou lakay SENYÈ a. 6Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. 7Anplis, li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. 8Epi mwen p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.” 9Men yo pa t koute e Manassé te sedwi yo pou fè mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di: 11“Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te fè Juda peche avèk zidòl pa li yo; 12pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman. 13Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba. 14Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo, 15akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’”
16Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.
17Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 18Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
19Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba. 20Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, jan Manassé, papa li te konn fè a. 21Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo. 22Konsa, li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a. 23Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li. 24Alò, pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li. 25Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 26Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.
¿Sabías que…?
Los reinados de Manasés y Amón
- Manasés reinó en Judá durante cincuenta y cinco años, el reinado más largo de cualquier rey en Jerusalén. Revirtió por completo las reformas religiosas de su padre Ezequías al edificar altares a Baal, introducir el culto a los astros en los atrios del templo y erigir una imagen de Asera.Fuentes: el propio texto bíblico · Hezekiah
- Al pronunciar el juicio, los profetas compararon a Jerusalén con Samaria y la casa de Acab del reino del norte de Israel, que igualmente había introducido el culto a Baal. La metáfora de un cordel de medir y una plomada indicaba que Jerusalén enfrentaría la misma destrucción que Samaria.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahab · Samaria
- Tanto Manasés como su hijo Amón fueron sepultados en el jardín de Uza, ubicado cerca de los terrenos del palacio real en Jerusalén, en lugar de los sepulcros reales tradicionales. Tras el asesinato de Amón por sirvientes del palacio luego de dos años de reinado, el pueblo ejecutó a los conspiradores y coronó a su hijo Josías, de ocho años.Fuentes: el propio texto bíblico · Uzza · Amon · Josiah
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 4, 7, 12, 13, 16, 19
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 13
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 15
- Uzza · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 18, 26
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org