2 Reyes 20
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”
2Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di: 3“Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
4Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil la, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di: 5“Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a. 6Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.”’”
7Konsa, Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.”
Yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.
8Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: “Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen, e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?”
9Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”
10Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”
11Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.
12Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad. 13Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.
14Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?”
Epi Ézéchias te di: “Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone.”
15Li te di: “Kisa yo te wè lakay ou a?”
Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke m pa t montre yo.”
16Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ a. 17‘Veye byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a. 18Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
19Alò Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la bon.” Paske li te reflechi: “Èske se pa sa, ap gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?”
20Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 21Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.

¿Sabías que…?
La enfermedad de Ezequías y los enviados babilonios
- Cuando Ezequías pidió una señal de confirmación de que se recuperaría de su enfermedad mortal, la sombra retrocedió diez gradas en la escalinata de su padre y predecesor, Acaz.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahaz · Hezekiah
- Merodac-baladán, hijo de Baladán y rey de Babilonia, envió cartas y presentes al enterarse de la recuperación de Ezequías. Después de que el rey de Judá mostró a los emisarios toda la plata, el oro, las especias y las armas de sus almacenes, Isaías anunció que estos tesoros y descendientes reales serían llevados algún día a Babilonia.Fuentes: el propio texto bíblico · Baladan · Babylon
- Más allá de sus reformas religiosas y defensas militares, el texto bíblico destaca la obra de ingeniería de Ezequías al construir un estanque y un túnel para conducir agua directamente hacia la ciudad de Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Hezekiah
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org