Nations Bible

2 Reyes 16

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nan di-setyèm ane a Pékach, fis a Remalia a, Achaz, fis Jotham nan, wa Juda a, te devni wa. 2Achaz te gen ventan lè li te devni wa, a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a, jan David te konn fè a. 3Men li te mache nan chemen wa Israël yo. Li menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo. 4Li te fè sakrifis e li te brile lansan sou wo plas yo ak sou ti mòn anba chak pyebwa vèt yo.

5Alò, Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte Jérusalem pou fè lagè. Yo te fè syèj sou Achaz, men yo pa t kab venk li. 6Nan tan sa a Retsin, wa Syrie a, te reprann Élath pou Syrie e li te netwaye retire Jwif yo nèt nan Élath. Epi Siryen yo te vini Élath e yo rete la jis rive jodi a. 7Konsa, Achaz te voye mesaje yo kote Tiglath-Piléser, wa Assyrie a. Li te di: “Mwen se sèvitè ou ak fis ou; vin delivre mwen soti nan men a wa Syrie a, avèk men a wa Israël la k ap fè soulèvman kont mwen.” 8Achaz te pran ajan avèk lò ki te twouve lakay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a pou te voye yon kado bay wa Assyrie a. 9Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.

10Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie, e li te wè lotèl ki te Damas la. Konsa, Wa Achaz te voye bay Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li. 11Konsa, Urie, prèt la te bati yon lotèl selon tout sa ke Wa Achaz te voye soti Damas, e konsa Urie, prèt la, te fè li, avan wa Achaz te vini soti Damas. 12Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la. Alò, wa a te pwoche lotèl la e te fè ofrann sou li. 13Li te brile ofrann brile li a avèk ofrann sereyal la, li te vide ofrann bwason li an e li te flite san a ofrann lapè li yo sou lotèl la. 14Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a. 15Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann. 16Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”

17Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo. Li te osi desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo, e li te mete li sou yon pave an wòch. 18Li te retire osi chemen machpye Saba a ke yo te bati nan kay la e antre eksteryè a wa a, li te retire li soti lakay SENYÈ a akoz wa Assyrie a. 19Alò, tout lòt zèv Achaz te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo? 20Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El reinado de Acaz y la alianza con Asiria

  • Frente a una coalición militar encabezada por el rey Rezín de Damasco y el rey Pécaj de Israel, el rey Acaz tomó plata y oro de los tesoros del templo y del palacio para asegurar la intervención de Tiglat-pileser, rey de Asiria. Los asirios respondieron tomando Damasco, ejecutando a Rezín y deportando a su población a Quir.Fuentes: el propio texto bíblico · Ahaz · Rezin · Kir
  • Al visitar a Tiglat-pileser en Damasco, Acaz quedó impresionado por un altar y envió planos arquitectónicos detallados al sacerdote Urías en Jerusalén. Urías construyó la réplica en el atrio del templo antes del regreso del rey, donde pasó a ocupar el lugar central para los sacrificios en vez del altar de bronce original.Fuentes: el propio texto bíblico · Urijah · Damascus

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 5
  • Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6, 7
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículo 6
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 7, 8, 9, 10, 18
  • Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 9, 10, 11, 12
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 20

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.