2 Reyes 15
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa. 2Li te gen laj sèzan lè li te devni wa e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman l se te Jecolia, moun Jérusalem. 3Azaria te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa li, Amatsia te fè. 4Sèlman wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan sou wo plas yo. 5SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a. 6Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo? 7Epi Azaria te dòmi avèk zansèt li yo. Yo te antere li avèk papa li nan vil David la, e Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
8Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa. 9Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 10Epi Schallum, fis a Jabesch la, te fè konplo kont li e te frape li devan pèp la pou te touye li e renye nan plas li. 11Alò, tout lòt zèv a Zacharie yo, gade byen, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël Yo? 12Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.
13Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa Samarie. 14Epi Menahem, fis a Gadi a te monte soti Thirtsa pou te vini Samarie, li te frape Schallum, fis a Jabesch la Samarie e li te touye li pou te devni wa nan plas li. 15Alò, tout lòt zèv a Schallum yo avèk konplo li te fè yo, men vwala, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
16Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire tout fanm li yo ki te ansent.
17Nan trant-nèf ane a Azaria yo, wa Juda a, Menahem, fis a Gadi a, te renye sou Israël pandan dizan Samarie. 18Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 19Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la. 20Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a. 21Alò, tout rès zak a Menahem yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo? 22Epi Menahem te dòmi avèk zansèt li yo e Pekachia, fis li a, te devni wa nan plas li.
23Nan senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan. 24Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 25Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li. 26Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
27Nan senkann-dezyèm ane a Azaria, wa Juda a, Pékach, fis a Remalia a, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan ventan. 28Li te fè mal nan zye a SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. 29Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie. 30Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la. 31Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, gade byen, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
32Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa. 33Li te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Non manman li se te Jeruscha, fi a Tsadok la. 34Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè. 35Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a. 36Alò, tout lòt zèv a Jotham yo avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 37Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda. 38Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.

¿Sabías que…?
Caos en Israel y estabilidad en Judá
- Mientras Judá mantenía una relativa estabilidad bajo los prolongados reinados de Uzías y su hijo Jotam, el reino del norte, Israel, atravesó una gran agitación política. En un breve período, cuatro reyes —Zacarías, Salum, Pekaía y Peka— fueron asesinados por conspiradores que usurparon el trono.Fuentes: el propio texto bíblico · Shallum · Menahem · Pekah
- Este capítulo documenta la creciente presión militar del Imperio asirio sobre Israel. El rey Manahem entregó a Pul mil talentos de plata recaudados entre los hombres ricos de Israel para afianzar su trono, y más tarde Tiglat-pileser capturó Galaad, Galilea y Neftalí, deportando a sus habitantes.Fuentes: el propio texto bíblico · Menahem · Pekah
- El rey Uzías de Judá, también llamado Azarías, fue afectado por la lepra durante su reinado. Debido a su enfermedad, vivió en una casa separada mientras su hijo Jotam administraba el palacio real y gobernaba al pueblo como corregente.Fuentes: el propio texto bíblico · Uzziah · Jotham
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 33
- City of David · 31.774, 35.236 · versículos 7, 38
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 8, 13, 14, 17, 23, 25, 27
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 19, 20, 29
- Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 25, 29
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 29
- Hazor · Hoy: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · versículo 29
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 37
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org