2 Crónicas 24
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba. 2Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la. 3Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi.
4Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou restore lakay SENYÈ a. 5Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès. 6Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?” 7Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.
8Konsa, wa a te pase lòd e yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a. 9Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la. 10Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l. 11Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan. 12Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a. 13Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li. 14Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.
15Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri. 16Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.
17Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo. 18Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a. 19Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.
20Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ a, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”
21Pou sa, yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a. 22Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”
23Alò, li te vin rive nan fen ane ke lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la. 24Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas.
25Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blese), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo. 26Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la. 27Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li.
¿Sabías que…?
El Reinado de Joás y la Restauración del Templo
- Para financiar la restauración del templo descuidado, el rey Joás colocó un cofre de ofrendas a la entrada del templo y restableció el tributo asociado con Moisés en el desierto. El pueblo aportó con entusiasmo, lo que permitió a los supervisores contratar canteros, carpinteros y herreros para reparar los daños causados durante el dominio de Atalía.Fuentes: el propio texto bíblico · Athaliah
- El sumo sacerdote Joiada vivió hasta los 130 años y recibió el extraordinario honor de ser sepultado en la Ciudad de David junto a los reyes de Judá. Este entierro real reconoció su papel decisivo en la preservación del linaje de David y en la reforma del culto de la nación.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoiada
- Tras la muerte de Joiada, Joás abandonó el culto en el templo y ordenó apedrear a Zacarías, hijo de Joiada, en el atrio del templo por reprender al reino. En contraste con Joiada, cuando Joás fue asesinado más tarde por sus propios siervos tras una invasión aramea, se le negó la sepultura en las tumbas reales.Fuentes: el propio texto bíblico · Zacharias · Zabad
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 6, 9, 18, 23
- City of David · 31.774, 35.236 · versículos 16, 25
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículo 23
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 23, 24
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org