2 Crónicas 23
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, nan setyèm ane, Jehojada te ranfòse tèt li, e te pran chèf a dè santèn yo: Azaria, fis a Obed la, Maaséja, fis a Adaja a ak Élischaphath, fis a Zicri a. Yo te antre nan yon akò avèk li. 2Yo te ale toupatou nan Juda pou te rasanble Levit soti nan tout vil Juda yo ak chèf lakay zansèt Israël yo, e yo te vini Jérusalem. 3Konsa, tout asanble a te fè yon akò avèk wa a nan kay Bondye a. Epi Jehojada te di yo: “Gade byen, fis a wa a oblije renye, jan SENYÈ a te pale pa fis a David yo. 4Sa se bagay ke nou oblije fè: yon tyè nan nou, nan prèt avèk Levit ki antre nan Saba yo, va sèvi kòm gadyen pòtay; 5yon tyè va kote lakay wa a, e yon tyè kote Pòtay Fondasyon an. Tout pèp la va nan lakou lakay SENYÈ a. 6Men pa kite pèsòn antre lakay SENYÈ a, sof ke prèt avèk Levit k ap fè sèvis yo. Yo kab antre, paske yo sen, men tout pèp la va kenbe règleman a SENYÈ a. 7Levit yo va antoure wa a, chak mesye avèk zam yo nan men yo. Nenpòt moun ki antre nan kay la, fòk li mouri. Rete avèk wa a lè l antre ak lè l sòti.”
8Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan divizyon sòlda yo. 9Jehojada, prèt la, te bay a chèf dè santèn yo lans avèk gwo boukliye defans, ki te konn pou Wa David, ki te lakay Bondye a. 10Li te estasyone tout pèp la, chak mesye yo avèk zam yo nan men yo, sòti nan kote dwat kay la jis rive nan kote goch kay la, toupre lotèl la, toupre kay la, antoure wa a nèt. 11Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li. Konsa, yo te ba li temwayaj pou te fè l wa. Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!”
12Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la. 13Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”
14Jehojada, prèt la te mennen fè sòti chèf a dè santèn ki te chwazi sou lame yo. Li te di yo: “Mennen li deyò antre ranje yo, epi nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mouri lakay SENYÈ a.” 15Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la.
16Epi Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a. 17Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kraze an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo. 18Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la. 19Li te estasyone gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp. 20Li te pran chèf a dè santèn yo, moun enpòtan yo, moun ki te gouvène pèp la, tout pèp peyi a, e yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a pou te antre pa wo pòtay la pou antre lakay wa a. Konsa, yo te mete wa a sou twòn wayal la. 21Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe.

¿Sabías que…?
La coronación de Joás y la caída de Atalía
- Para armar a los capitanes y guardias que protegían al joven rey, el sumo sacerdote Joyada sacó de la casa de Dios las lanzas y los escudos que habían pertenecido al rey David.Fuentes: el propio texto bíblico · David · Jehoiada
- Joyada cuidó la santidad de los atrios del templo al ordenar que la reina Atalía no fuera ejecutada dentro de la casa del Señor, llevándola en su lugar hasta la Puerta de los Caballos del palacio real.Fuentes: el propio texto bíblico · Athaliah · Jehoiada
- Tras la coronación de Joás, el pueblo destruyó el templo, los altares y las imágenes de Baal en Jerusalén y mató a Matán, sacerdote de Baal, antes de restablecer el culto conforme a la Ley de Moisés y lo dispuesto por David.Fuentes: el propio texto bíblico · Jehoiada
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
- Gate of the Foundation · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 5
- Horse Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 15
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org