Nations Bible

1 Samuel 20

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”

2Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vre!”

3Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”

4Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”

5Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou. 6Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’ 7Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la. 8Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”

9Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”

10Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”

11Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an. 12Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa? 13Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan. 14Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri? 15Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.” 16Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”

17Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li. 18Alò, Jonathan te di li: “Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid 19Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la. 20Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè. 21Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la. 22Men si mwen di ti gason an: ‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale. 23Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”

24Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje. 25Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men plas David la te vid. 26Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.”

27Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”

28Alò, Jonathan te reponn Saül: “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem, 29paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”

30Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou. 31Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske fòk li mouri.”

32Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”

33Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò. 34Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.

35Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l. 36Li te di a jennonm nan: “Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li. 37Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: “Èske flèch la pa pi lwen ou?” 38Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li. 39Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a. 40Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”

41Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis. 42Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Jonatán advierte a David

  • El banquete real de la fiesta de la Luna Nueva reunía al círculo íntimo de Saúl, incluido su comandante en jefe, Abner. Cuando David no asistió el primer día, Saúl supuso al principio que su ausencia se debía a una impureza ceremonial, lo que impedía temporalmente participar en la comida.Fuentes: el propio texto bíblico · Abner
  • Jonatán, renombrado por su destreza con el arco, ideó una señal secreta utilizando tres flechas y un joven sirviente. Dado que el muchacho no sabía del acuerdo, Jonatán pudo advertir con seguridad a David, quien estaba escondido junto a la piedra de Ezel, sobre las intenciones homicidas de Saúl.Fuentes: el propio texto bíblico · Jonathan
  • Como primogénito de Saúl, Jonatán era el heredero natural al trono. Saúl se enfureció porque consideraba a David una amenaza para la dinastía real de su familia, mientras que Jonatán optó por mantener un pacto duradero de amistad y lealtad con David.Fuentes: el propio texto bíblico · Jonathan

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículos 6, 28

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.