1 Samuel 19
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David. 2Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la. 3Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.”
4Konsa, Jonathan te pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil. 5Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”
6Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.”
7Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David vè Saül, e li te vin nan prezans li kòm oparavan.
8Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.
9Alò, te genyen yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li. 10Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi an. David te sove ale e te pran flit menm nwit lan. 11Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.” 12Konsa, Mical te fè David lagedesann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale. 13Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad. 14Lè Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: “Li malad.”
15Alò, Saül te voye mesaje yo wè David, e li te di: “Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò.” 16Lè mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li.
17Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?”
Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”
18Alò David te sove ale e te chape rive vè Samuel nan Rama. Epi li te di li tout sa ke Saül te fè l. Li menm avèk Samuel te ale rete Najoth. 19Koze sa a te rive kote Saül ke: “Gade byen, David nan Najoth nan Rama.”
20Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi yo tou te pwofetize. 21Lè sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize.
22Epi li menm tou te ale Rama pou kont li e te rive jis nan gran pwi ki nan Secu a. Li te pale e te di: “Kote Samuel avèk David?” Epi yon moun te di:
“Veye byen, yo nan Najoth nan Rama.”
23Li te kontinye jis rive nan Najoth nan Rama. Konsa, Lespri Bondye te vini sou li tou jiskaske li t ap pwofetize pandan nan wout la pou rive kote Najoth nan Rama a. 24Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: “Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”

¿Sabías que…?
Las huidas de David de Saúl
- Cuando Saúl envió mensajeros para matar a David en su casa, Mical, la esposa de David, lo ayudó a escapar por una ventana. Luego colocó un ídolo doméstico disfrazado con pelo de cabra y mantos en la cama para retrasar a los mensajeros y darle tiempo a David para huir.Fuentes: el propio texto bíblico · Michal
- David huyó hacia el profeta Samuel en Ramá y fue con él a Naiot. El nombre Naiot significa moradas y se refiere a un asentamiento cerca de Ramá donde vivía una comunidad de profetas bajo la dirección de Samuel.Fuentes: el propio texto bíblico · Naioth · Samuel
- Al perseguir a David hacia Ramá, Saúl se detuvo a pedir información junto a la gran cisterna de Secú, un lugar situado en una colina entre Guibeá y Ramá.Fuentes: el propio texto bíblico · Secu
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Secu · Hoy: between Gibeah and Ramah · 31.937, 35.145 · versículo 22
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org