1 Reyes 13
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, vwala, te vini yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an. 2Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’” 3Konsa, li te bay yon sign nan menm jou sa, e li te di: “Sa se sign ke SENYÈ a te pale a: Gade byen, lotèl la va vin fann separe e sann ki sou li yo va vide deyò.”
4Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li. 5Lotèl la osi te ouvri fann e sann yo te vide nèt soti nan lotèl la, selon sign ke nonm a Bondye a te bay selon pawòl SENYÈ a. 6Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.”
Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.
7Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e mwen va ba ou yon rekonpans.”
8Men nonm Bondye a te di a wa a: “Menmsi ou te ban mwen menm mwatye kay ou, mwen pa t ap prale avèk ou, ni mwen pa t ap manje pen, ni bwè dlo nan plas sa a. 9Paske se konsa li te kòmande mwen pa pawòl SENYÈ a e te di: ‘Ou pa pou manje okenn pen, ni bwè dlo, ni retounen pa chemen ke ou te vini an.’” 10Pou sa, li te fè yon lòt chemen e li pa t retounen pa chemen ke li te vini Béthel la.
11Alò, yon pwofèt granmoun t ap viv Béthel, epi fis li yo te vini pou te di li tout zèv ke nonm Bondye a te fè pandan jou sa nan Béthel. Yo te pale li pawòl yo ke li te pale a wa a.
12Papa yo te di yo: “Se ki direksyon li te pran?” Alò, fis li yo te wè direksyon ke nonm Bondye ki te sòti Juda a te pran an. 13Epi li te di a fis li yo: “Sele bourik la pou mwen.” Konsa, yo te sele bourik la pou li e li te sòti sou li. 14Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?”
Li te reponn: “Se mwen”.
15Konsa, li te di li: “Vin lakay mwen pou manje pen.”
16Li te di: “Mwen p ap kab retounen avèk ou, ni ale avèk ou, ni mwen p ap manje pen ni bwè dlo avèk ou nan plas sa a. 17Paske yon lòd rive jwenn mwen pa pawòl SENYÈ a: ‘Ou pa pou manje pen, ni bwè dlo, ni pa retounen pa chemen ke ou te vini an.’”
18Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”
19Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo. 20Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an; 21epi li te kriye a nonm Bondye ki te sòti Juda a, e li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te dezobeyi kòmandman SENYÈ a e pa t swiv lòd ke SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande ou a, 22men ou te retounen, ou te manje pen e bwè dlo nan plas kote Li te di ou: “Pa manje okenn pen ni bwè okenn dlo a”; kò ou p ap rive nan tonm papa ou a.’”
23Li te vin rive lè li te fin manje pen an e bwè a, ke li te sele bourik la pou li, pou pwofèt la te mennen li retounen. 24Alò, lè li t ap prale, yon lyon te rankontre li sou wout la e te touye li, kò li te jete sou wout la, avèk bourik la kanpe akote li ak lyon an osi te kanpe akote kò a. 25Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote pwofèt granmoun nan te rete a. 26Alò, lè pwofèt ki te mennen li retounen soti nan chemen an te tande sa, li te di: “Se nonm Bondye ki te dezobeyi lòd SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te bay li a lyon, ki te chire li e touye li selon pawòl ke SENYÈ a te pale li a.” 27Alò, li te pale avèk fis li yo e te di: “Sele bourik la pou mwen.” Epi yo te sele li. 28Li te ale twouve kò li ki te jete sou wout la avèk bourik la ak lyon ki te kanpe akote kò a. Lyon an pa t manje kò a, ni li pa t chire bourik la. 29Konsa, pwofèt la te leve pran kò a nonm Bondye a. Li te kouche li sou bourik la, e li te mennen li retounen. Li te rive nan vil a pwofèt granmoun nan pou kriye pou li e antere li. 30Li te kouche kadav la nan pwòp tonm pa li, e yo te kriye pou li, e te di: “Anmwey, frè m!”
31Apre li te fin antere li, li te pale avèk fis li yo e te di: “Lè m mouri, antere mwen nan tonm kote nonm Bondye a antere a. Kouche zo pa m yo akote zo pa l yo. 32Paske bagay la, anverite, va rive ke li te kriye selon pawòl SENYÈ a kont lotèl la Béthel ak kont tout kay plas wo ki nan vil a Samarie yo.”
33Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo. 34Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.

¿Sabías que…?
La Advertencia de un Profeta en Betel
- El hombre de Dios llegado de Judá profetizó que un futuro descendiente de David llamado Josías profanaría el altar de Betel sacrificando allí a sus sacerdotes y quemando huesos humanos. Betel se encontraba en el centro de Palestina, a unos dieciséis kilómetros al norte de Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico · Josiah · Bethel (of Palestine)
- El hombre de Dios tenía la orden divina expresa de no comer pan, no beber agua ni regresar por el mismo camino que había tomado hacia Betel, mostrando un rechazo total a participar en el culto instituido por Jeroboam.Fuentes: el propio texto bíblico
- A pesar de ver cómo el altar se partía y cómo su propia mano se secaba y luego era restaurada, Jeroboam no se arrepintió y continuó consagrando como sacerdotes de los lugares altos a cualquiera que lo deseara.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículo 32
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org