Nations Bible

1 Reyes 12

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a. 2Alò, lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, li t ap viv an Égypte (paske li te toujou an Égypte kote li te sove ale rive soti nan prezans a Wa Salomon). 3Konsa, yo te voye rele li e Jéroboam avèk tout asanble Israël la te vin pale avèk Roboam. Yo te di: 4“Papa ou te fè jouk nou rèd. Alò pou sa, fè sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou.”

5Epi li te di yo: “Kite mwen pandan twa jou e retounen bò kote mwen.”

Konsa, pèp la te ale.

6Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te sèvi papa li yo, Salomon, pandan li te toujou vivan an, e li te di: “Ki konsèy n ap ban mwen pou repons a pèp sa a?”

7Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: “Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.”

8Men li te rejte konsèy ansyen yo te bay li a e li te konsilte avèk jennonm ki te elve ansanm avèk li pou te sèvi li a. 9Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: ‘Fè jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè’?”

10Jennonm ki te elve ansanm avèk li yo te reponn li e te di: “Se konsa pou ou ta pale avèk pèp sa a ki te pale avèk ou a pou di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou. Alò, ou menm, fè l vin pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va di yo: ‘Ti dwèt pi piti mwen an pi gwo ke senti papa mwen! 11Kote nou wè papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete ankò sou jouk nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt; men mwen va sèvi ak eskòpyon.’”

12Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a. 13Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a. 14Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”

15Konsa, wa a pa t koute pèp la; paske evenman yo se te yon dewoulman ki te sòti nan SENYÈ a, jis pou Li ta kapab etabli pawòl ke SENYÈ a te pale pa Achija, Siloyit la, a Jéroboam, fis a Nebath la. 16Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di:

“Ki pati nou gen nan David?

Nanpwen eritaj nan fis Jesse a;

Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a!

Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!”

Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.

17Men pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18Epi Wa Roboam te voye Adoram ki te chèf sou kòve yo, e tout Israël te lapide li avèk kout wòch jiska lanmò. Konsa, Wa Roboam te fè vit monte cha li pou kite Jérusalem. 19Konsa, Israël te fè rebèl kont lakay David jiska jodi a.

20Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. Okenn sof ke Juda te swiv lakay David.

21Alò, lè Roboam te retounen Jérusalem, li te rasanble tout kay Juda a ak tribi Benjamin an, 180,000 mesye chwazi ki te gèrye, pou goumen kont lakay Israël la pou restore wayòm a Roboam nan, fis Salomon an. 22Men pawòl Bondye te vini a Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di: 23“Pale avèk Roboam, fis a Salomon an, wa Juda a e a tout lakay Juda avèk Benjamin, a tout lòt pèp yo. Di yo: 24‘Konsa pale SENYÈ a, “Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen fè wout yo selon pawòl SENYÈ a.

25Epi, Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati Penuel. 26Jéroboam te di nan kè l: “Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David. 27Si moun sa yo monte pou ofri sakrifis nan kay SENYÈ a Jérusalem; alò, kè a pèp sa a va retounen vè mèt yo; menm vè Roboam, wa Juda a. Epi yo va touye mwen e retounen a Roboam, wa Juda a.” 28Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.” 29Li te plase youn nan Béthel e lòt la, li te mete li Dan. 30Alò, bagay sa a te devni yon peche. Paske pèp la te ale pou adore devan youn nan yo jis rive Dan. 31Konsa, Jéroboam te fè kay sou wo plas yo e li te fè prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo. 32Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo. 33Alò, li te monte kote lotèl ke li te fè Béthel nan kenzyèm jou nan di-zuityèm mwa ke li te chwazi nan pwòp kè li a; epi li te etabli yon fèt pou fis Israël yo, e li te monte vè lotèl la pou brile lansan.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La División del Reino

  • Cuando las tribus del norte se reunieron en Siquem pidiendo un alivio de los tributos y del trabajo forzado, Roboam rechazó el consejo de los ancianos de Salomón y amenazó con medidas más duras. Esto desencadenó la división de la monarquía unificada, cumpliendo la profecía previamente pronunciada por Ahías el silonita.Fuentes: el propio texto bíblico · Rehoboam · Ahijah · Shechem
  • Para evitar que sus súbditos viajaran al templo en Jerusalén, el rey Jeroboam colocó dos becerros de oro para adoración en extremos opuestos del reino del norte, situando uno en Betel y el otro en Dan. También construyó santuarios en los lugares altos y designó sacerdotes que no pertenecían a la tribu de Leví.Fuentes: el propio texto bíblico · Jeroboam · Bethel (of Palestine) · Dan

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Shechem · Hoy: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · versículos 1, 25
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 20, 28
  • Shiloh · Hoy: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículo 15
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 18, 21, 27, 28
  • Dan · Hoy: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículos 29, 30

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.