Nations Bible

1 Corintios 7

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

6Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd. 7Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. 8Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm. 9Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon. 10Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

12Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

16Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

17Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.

18Èske yon moun ki te rele pa Bondye te deja sikonsi? Li pa dwe vin ensikonsi. Èske yon moun lè l rele pa Bondye tou ensikonsi? Li pa dwe vin sikonsi. 19Sikonsizyon pa anyen, e ensikonsizyon pa anyen, men sa ki enpòtan an se kenbe kòmandman Bondye a. 20Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la. 21Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l. 22Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.

23Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm. 24Frè m yo chak moun dwe rete avèk Bondye nan menm eta ke li te resevwa apèl la.

25Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans. 26Mwen kwè ke li bon nan sikonstans boulvès nan tan kounye a pou yon nonm ta rete jan li ye a. 27Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm. 28Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou. 29Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen; 30epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen; 31epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.

32Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. 35Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.

36Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye. 37Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen. 38Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.

39Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a. 40Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Consejos sobre el matrimonio y la crisis presente

  • El capítulo comienza como respuesta a asuntos sobre los que los lectores habían escrito. El autor dice que es bueno abstenerse de las relaciones sexuales, pero, porque hay tanta inmoralidad sexual, cada hombre debe tener su propia esposa y cada mujer su propio esposo. Presenta esto como una concesión, no como un mandamiento, y dice que cada persona tiene su propio don de parte de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
  • En el matrimonio, el autor dice que la esposa no tiene autoridad sobre su propio cuerpo, sino el esposo, y del mismo modo el esposo no tiene autoridad sobre su propio cuerpo, sino la esposa. No deben privarse el uno del otro, excepto de común acuerdo y por un tiempo, para dedicarse a la oración, y luego volver a unirse, a fin de que Satanás no los tiente por su falta de dominio propio. El diccionario bíblico de Easton (1897) presenta el nombre Satanás como “adversario” o “acusador”, y señala que tentó a Jesús en el desierto.Fuentes: el propio texto bíblico · Satan
  • El autor distingue un mandamiento que atribuye al Señor —la esposa no debe separarse de su esposo, y el esposo no debe divorciarse de su esposa— de su propio juicio, en los casos en que dice que habla él, y no el Señor, incluidos los matrimonios con una persona no creyente y las cuestiones sobre las vírgenes. A causa de lo que llama la crisis presente, y porque dice que el tiempo es corto y que este mundo, en su forma actual, está pasando, considera bueno permanecer como se está. Añade que casarse no es pecar, aunque quienes se casan enfrentarán dificultades en esta vida.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.