1 Corintios 6
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo? 2Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? 4Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo? 5Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo? 6Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo. 7Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod? 8Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.
9Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
12Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. 13Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a. 14Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li. 15Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

¿Sabías que…?
Pleitos, el Reino y el cuerpo
- El capítulo confronta a los creyentes que llevan una queja contra otro a juicio ante los injustos, en lugar de ante los santos. Sostiene que quienes juzgarán al mundo, e incluso a los ángeles, deberían poder juzgar asuntos triviales de la vida diaria, y trata un pleito entre hermanos —sobre todo delante de incrédulos— como una derrota ya sufrida.Fuentes: el propio texto bíblico
- Advierte que los malvados no heredarán el reino de Dios, y nombra a los sexualmente inmorales, los idólatras, los adúlteros, los hombres que se someten a actos homosexuales o los practican, los ladrones, los avaros, los borrachos, los que insultan de palabra y los estafadores. Luego dice que algunos de los lectores fueron así, pero fueron lavados, santificados y justificados en el nombre del Señor Jesucristo y por el Espíritu de nuestro Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
- Afirmaciones citadas —“Todo me es lícito” y “La comida es para el estómago, y el estómago para la comida”— reciben límites: no todo conviene, y el cuerpo es para el Señor, no para la inmoralidad sexual. Unirse a una prostituta se presenta como hacer de dos personas una sola carne, mientras que unirse al Señor es ser un solo espíritu con él; el cuerpo es llamado templo del Espíritu Santo, y se les dice a los lectores que fueron comprados por un precio.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org