Nations Bible

1 Crónicas 23

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël. 2Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo. 3Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trann-tuit-mil. 4Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij, 5kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.

6David te divize yo an gwoup selon fanmi fis a Lévi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.

7Nan Gèshonit yo: Laedan avèk Schimeï. 8Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa. 9Fis a Shimei yo: Schelomith, Haziel avèk Haran, ki fè twa. Sila yo se te chèf lakay zansèt a Laedan yo. 10Fis a Shimei yo: Jahath, Zina, Jeush avèk Berlah. Kat sila yo te fis a Schimeï. 11Jachath se te premye a e Zina dezyèm nan; men Jeusch avèk Beria pa t fè anpil fis; akoz sa, yo te fòme yon sèl kay zansèt, yon sèl gwoup.

12Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron avèk Uziel, kat. 13Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan. 14Men Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a. 15Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer. 16Fis a Guerschom yo: Schebuel, chèf la. 17Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite. 18Fis a Jitsehar a: Schelomith, chèf la. 19Fis a Hébron yo: Jerija, premye a; Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan; epi Jekameam, katriyèm nan. 20Fis a Uziel yo: Michée, premye a ak Jischija, dezyèm nan.

21Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi. Fis a Machli yo: Éléazar avèk Kis. 22Éléazar te mouri san fè fis, men fi sèlman; pou sa, frè pa yo, fis a Kis yo te pran yo kon madanm pa yo. 23Fis a Muschi yo: Machli, Éder avèk Jerémoth, twa.

24Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis. 25Paske David te di: “SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay repo a pèp Li a, e Li va abite Jérusalem jis pou tout tan. 26Anplis, Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.” 27Paske pa dènye pawòl a David yo, fis a Levi yo te kontwole soti ventan oswa plis. 28Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a, 29epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo. 30Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè, 31epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a. 32Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

David Organiza a los Levitas

  • Un censo registró a 38.000 levitas de treinta años o más en Israel. David los distribuyó en funciones específicas: 24.000 para supervisar las labores de la casa del Señor, 6.000 como oficiales y jueces, 4.000 como porteros y 4.000 como músicos para alabar a Dios con instrumentos fabricados para ese propósito.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Dado que el Señor otorgó reposo a Su pueblo y fijó Su morada en Jerusalén, los levitas ya no tenían que transportar el tabernáculo ni sus utensilios. David adaptó sus deberes para asistir a los sacerdotes descendientes de Aarón en el templo y en las alabanzas diarias, estableciendo la edad de servicio a partir de los veinte años.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
  • Aunque Aarón y Moisés eran ambos hijos de Amram, del linaje de Coat, sus descendientes tuvieron funciones diferentes. Aarón y su linaje fueron consagrados para siempre al sacerdocio para quemar incienso y bendecir en el nombre del Señor, mientras que los descendientes de Moisés fueron integrados entre las familias levitas generales.Fuentes: el propio texto bíblico · Aaron · Moses

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 25

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.