1 Crónicas 22
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”
2Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a. 3David te prepare yon gran kantite fè pou fè klou pou pòt pòtay yo ak pou kranpon yo e plis bwonz ki ta kab peze yo. 4Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David. 5David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri. 6Alò, li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 7David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an. 8Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou p ap bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m. 9Men gade byen, yon fis ki va ne a ou menm va yon moun lapè. Konsa, Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo. 10Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan. 11Koulye a, fis mwen an, ke SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan. 12Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a. 13Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen. 14Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou. 15Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv. 16Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
17Anplis, David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di: 18“Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a. 19Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”

¿Sabías que…?
Los preparativos de David para el templo
- Aunque David deseaba edificar un templo para Dios, se le indicó que no lo haría porque había derramado mucha sangre y librado grandes guerras. En cambio, Dios prometió que su hijo Salomón —cuyo nombre hebreo significa pacífico— sería un hombre de descanso y edificaría la casa del Señor.Fuentes: el propio texto bíblico · Solomon
- Al reconocer que su hijo Salomón era joven e inexperto, David hizo cuantiosos preparativos antes de su muerte. Reunió a los extranjeros residentes como canteros y acumuló enormes cantidades de hierro, bronce y troncos de cedro traídos por los sidonios y los tirios.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 4
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 4
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org