Nations Bible

Zacarías 9

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte li: Li pran desizyon pou l' pini moun peyi Adrak yo ansanm ak moun lavil Damas yo. Se pa sèlman branch fanmi Izrayèl yo ki pou Seyè a. Tout latè nèt se pou li. 2Peyi Amat ki sou fwontyè peyi Adrak la pou li tou. Moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo ki gen anpil ladrès, se pou li yo ye tou. 3Lavil Tir bati gwo miray ranpa ak fò. Yo anpile lò ak ajan lakay yo tankou pousyè granchemen. 4Men, Seyè a pral pran lavil la pou li. Li pral voye tout richès li yo nan lanmè. Dife pral boule lavil la nèt. 5Moun lavil Askalon yo pral wè sa, yo pral pè. Moun Gaza yo pral tranble kou fèy bwa. Moun lavil Ekwon yo tou, paske yo p'ap jwenn sa yo t'ap tann lan. Lavil Gaza pral pèdi wa li a. Lavil Askalon pral rete san moun ladan l'. 6Moun san mele yo pral rete lavil Asdòd. M'ap kraze lògèy moun Filisti yo. 7Yo p'ap manje vyann ak tout san li ladan l' ankò, ni ankenn lòt vye manje yo te konn manje yo. Tout moun ki va chape anba lanmò va fè pati pèp Bondye a. Y'ap tankou yon branch nan fanmi Jida a. Moun Ekwon yo va menm jan ak moun Jebis yo. 8Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l'. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri. 9Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman. 10Seyè a di: -M'ap wete tout cha lagè ki nan peyi Efrayim. M'ap wete dènye chwal ki nan lavil Jerizalèm. M'ap kraze dènye banza yo sèvi pou fè lagè. Wa nou an pral fè tout nasyon yo viv byen yonn ak lòt. M'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè. 11Seyè a di: -Akòz kontra mwen pase avè nou an, kontra ki siyen ak san bèt yo ofri yo, m'ap fè lage moun ou yo ki te nan prizon, m'ap wete yo nan fon sitèn san dlo a. 12Nou menm prizonye k'ap tann delivrans yo, tounen, tounen non nan sitadèl kote n'a jwenn pwoteksyon an! Jòdi a, men sa m'ap di nou: n'ap resevwa de fwa plis benediksyon pase soufrans mwen te voye sou nou an. 13Mwen pral sèvi ak moun Jida yo tankou banza pou fè lagè, ak moun Efrayim yo tankou flèch. Mwen pral sèvi ak moun mòn Siyon yo tankou nepe nan men vanyan sòlda, pou y' al goumen ak moun peyi Lagrès yo. 14Seyè a pral parèt anlè tèt pèp li a. Li pral voye flèch li yo tankou zèklè. Seyè a, Bondye a, pral kònen twonpèt la. Li pral mache nan van siklòn k'ap soufle soti nan sid. 15Seyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a. Yo pral kraze zam lènmi yo anba pye yo. Pandan batay la, yo pral rele tankou moun sou. Yo pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo. 16Jou sa a, Seyè a, Bondye yo a, va delivre yo. Tankou yon bon gadò, l'ap sove bann mouton l' yo. Yo pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn. 17Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Juicio a las Naciones y la Llegada del Rey Pacífico

  • El oráculo describe a Tiro acumulando plata como polvo y oro como lodo antes de que sus fortificaciones y riquezas sean arrojadas al mar. Históricamente, Tiro era una destacada ciudad costera fenicia cuyos mercaderes navegaban por el Mediterráneo y reunían inmensas riquezas comerciales de colonias lejanas en sus almacenes.Fuentes: Tyre · el propio texto bíblico
  • Zacarías predice el juicio sobre ciudades filisteas como Gaza, Ascalón, Asdod y Ecrón, pero señala que Ecrón llegaría a ser como un clan en Judá. Ecrón era la más septentrional de las cinco grandes ciudades filisteas y constituía un poder vecino independiente antes de esta visión profética de asimilación.Fuentes: Ekron · el propio texto bíblico
  • El texto llama a la Hija de Sion a celebrar la llegada de un rey justo que monta un asno y desarma los carros de combate y caballos de Efraín y Jerusalén. Sion era la colina fortificada al sureste de Jerusalén donde David construyó su ciudadela, representando el centro real de la nación.Fuentes: Zion · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Aram · 33.511, 36.306 · versículo 1
  • Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 1, 2
  • Hamath · Hoy: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 2
  • Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 2
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 2, 3, 4, 5
  • Ashkelon · Hoy: Tel Ashkelon · 31.664, 34.546 · versículo 5
  • Ekron · Hoy: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · versículos 5, 7
  • Gaza · Hoy: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 5
  • Ashdod · Hoy: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · versículo 6
  • Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 6
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 9, 10
  • Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 9, 13
  • Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 10
  • Greece · 37.972, 23.727 · versículo 13

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.