Nations Bible

Zacarías 8

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Seyè ki gen tout pouvwa a te bay Zakari mesaj sa a: 2-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo. 3Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M'ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y'a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y'a rele mòn Seyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Seyè a. 4Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: N'a wè vye granmoun, fanm kou gason, vin chita sou plas piblik nan lavil Jerizalèm. Yo chak va gen yon baton nan men yo pou yo ka mache tèlman y'ap vye granmoun. 5Lari yo va plen ti gason ak ti fi k'ap jwe konsa toupatou. 6Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Pou ti ponyen moun ki rete koulye a nan peyi a, sa se yon bagay yo di ki pa ka rive. Men, pa pou mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 7Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò. Se mwen menm k'ap delivre pèp mwen an, k'ap fè yo soti nan peyi ki sou bò solèy leve a ak nan peyi ki sou bò solèy kouche a. 8M'ap mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y'a pou mwen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm m'a Bondye yo. M'a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y'a fè sa m'a mande yo fè. 9Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Pran kouraj, nou menm k'ap tande koulye a nan bouch pwofèt yo menm mesaj Bondye te bay lè yo t'ap mete men nan fondasyon tanp Seyè a pou rebati kay ki apa pou li a. 10Paske, anvan jou sa yo, pa t' gen travay ni pou moun ni pou bèt. Pesonn pa t' ka ale vini ak kè poze nan peyi a poutèt lènmi yo. Mwen te fè moun leve yonn kont lòt. 11Men koulye a, mwen pral aji yon lòt jan ak ti rès moun ki vivan toujou nan peyi a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. 12Y'a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo. 13Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouraj! 14Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Lè zansèt nou yo te fè m' fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m' te pini yo. Mwen pa t' chanje lide. 15Konsa tou, koulye a mwen pran desizyon pou m' beni moun lavil Jerizalèm ak moun fanmi Jida yo. Nou pa bezwen pè anyen. 16Men sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt. 17Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Seyè a menm ki di sa! 18Seyè ki gen tout pouvwa a pale ak Zakari ankò, li di l' konsa: 19-Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti. 20Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yon lè gen pou rive moun va soti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm. 21Moun va soti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Seyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Seyè a pou mande l' benediksyon. Ann ale non! 22Anpil moun ap soti nan gran peyi, y'ap vini lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'ap vin lapriyè nan pye l' pou mande l' benediksyon. 23Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap soti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l': Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La restauración y futura bendición de Jerusalén

  • Zacarías profetizó alrededor del 519 a.C. para alentar al remanente que había regresado a reconstruir el templo en Jerusalén tras años de dificultades y conflictos.Fuentes: Prophecies of Zechariah · el propio texto bíblico
  • La profecía contempla a Jerusalén—asociada históricamente con el monte Sion—transformada de ruinas vulnerables en una ciudad segura y próspera, donde ancianos con bastón y niños jugando llenan las calles.Fuentes: Jerusalem · Zion · el propio texto bíblico
  • Los ayunos tradicionales del cuarto, quinto, séptimo y décimo mes se convertirían en fiestas alegres, anticipando una época en que pueblos de diversas naciones extranjeras buscarían a Dios en Jerusalén.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 3, 4, 8, 15, 20, 21, 22
  • Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 3

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.