Salmos 81
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(081:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (081:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! 2(081:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo. 3(081:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn! 4(081:5) Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay! 5(081:6) Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa: 6(081:7-)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè. 7(081:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a. 8(081:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'! 9(081:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo! 10(081:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen! 11(081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'. 12(081:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè. 13(081:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen! 14(081:15) Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo. 15(081:16) Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan. 16(081:17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!

¿Sabías que…?
Un llamado festivo y memoria de la liberación
- El Salmo 81 convoca a celebrar en las fiestas señaladas —específicamente en la luna nueva y en la luna llena— con instrumentos como el cuerno de carnero, panderos, arpas y liras, recordando los mandatos instituidos tras la liberación de Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
- La imagen de descargar el hombro de los fardos y librar las manos del canasto evoca el duro trabajo forzado de construcción y alfarería experimentado durante la esclavitud en Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt
- El salmo alude a las aguas de Meriba, un manantial en el desierto de Zin cerca de Cades vinculado a las travesías de Israel, donde Dios probó al pueblo y respondió a su angustia.Fuentes: el propio texto bíblico · Meribah (of Kadesh)
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 5, 10
- Meribah · Hoy: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículo 7
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org