Salmos 80
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la. 2(080:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou. 3(080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 4(080:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou? 5(080:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè. 6(080:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib. 7(080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 8(080:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo. 9(080:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a. 10(080:11) Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo. 11(080:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat. 12(080:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo? 13(080:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo. 14(080:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non! 15(080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a. 16(080:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri! 17(080:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a! 18(080:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou! 19(080:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!

¿Sabías que…?
Una oración por la vid devastada
- El salmo menciona específicamente a Efraín, Benjamín y Manasés, tribus estrechamente unidas por descender de Raquel a través de José y Benjamín. Durante la travesía por el desierto, estas tres tribus acampaban y marchaban juntas en el lado occidental del tabernáculo.Fuentes: Benjamin (patriarch) · Manasseh (son of Joseph) · el propio texto bíblico
- El autor emplea una amplia alegoría que compara a la nación de Israel con una vid sacada de Egipto y trasplantada en Canaán. El canto lamenta que los muros protectores del viñedo hayan sido derribados, dejando la planta frutal expuesta a las fieras del campo y a los caminantes.Fuentes: Egypt · el propio texto bíblico
- Este poema forma parte de una colección que abarca desde el Salmo 73 hasta el 83 atribuida a Asaf. El relato bíblico presenta a Asaf como un destacado músico levita en la época del rey David, cuyo gremio o descendencia continuó su tradición en el culto del templo.Fuentes: Asaph (Levite) · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 8
- Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 11
- Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 11
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org