Nations Bible

Salmos 77

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1(077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. 2(077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon. 3(077:4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje! 4(077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale. 5(077:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo. 6(077:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di: 7(077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò? 8(077:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò? 9(077:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè? 10(077:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò? 11(077:12) Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. 12(077:13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo! 13(077:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! 14(077:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. 15(077:16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. 16(077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. 17(077:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. 18(077:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble. 19(077:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase. 20(077:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Recordando las Maravillas de Dios en Tiempos de Angustia

  • El encabezamiento del salmo asocia la composición con Asaf y Jedutún, ambos identificados en los registros bíblicos como destacados líderes levitas de música y coro durante la época de David.Fuentes: Asaph (Levite) · Jeduthun (Ethan) · el propio texto bíblico
  • Para hallar consuelo en medio del insomnio y la profunda aflicción, el salmista medita en la liberación pasada de Israel, recordando poéticamente cómo el mar se abrió y Dios guio a Su pueblo como a un rebaño mediante el liderazgo de Moisés y Aarón.Fuentes: Moses · Aaron · el propio texto bíblico
  • La nación redimida es llamada de forma particular como la descendencia de Jacob y José, evocando los orígenes patriarcales de Israel y el linaje preservado durante los años en Egipto.Fuentes: Jacob (Israel) · Joseph (son of Jacob) · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.