Salmos 76
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(076:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. (076:2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl. 2(076:3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon. 3(076:4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè. 4(076:5) Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo! 5(076:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo. 6(076:7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt. 7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè? 8(076:9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè, 9(076:10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a. 10(076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou. 11(076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la. 12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
¿Sabías que…?
La Victoria y la Morada de Dios en Sión
- El Salmo 76 forma parte de un conjunto de salmos (Salmos 50 y 73–83) atribuidos a Asaf, un levita, músico y vidente que dirigía el coro durante el reinado del rey David.Fuentes: Asaph (Levite) · el propio texto bíblico
- El salmo menciona Salem y Sión como la morada de Dios. Salem es un nombre antiguo comúnmente identificado con Jerusalén, mientras que Sión era la colina fortificada donde David edificó su fortaleza.Fuentes: Salem · Zion · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Salem · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
- Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org