Lucas 3
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn. 2Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a. 3Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo. 4Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. 5Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl. 6Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an. 7Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? 8Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. 9Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife. 10Foul moun yo mande l' konsa: Kisa pou nou fè menm? 11Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt. 12Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè? 13Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a. 14Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an. 15Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la. 16Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. 18Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bon nouvèl la bay pèp la. 19Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè. 20Le sa a, Ewòd mete ankò sou sa l' te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon. 21Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri. 22Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil. 23Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli. 24Eli te pitit Matat, Matat te pitit Levi, Levi te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Janayi, Janayi te pitit Jozèf. 25Jozèf te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Amòs, Amòs te pitit Nawoum, Nawoum te pitit Esli, Esli te pitit Nagayi. 26Nagayi te pitit Maat, Maat te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Semeyin, Semeyin te pitit Jozèk, Jozèk te pitit Joda. 27Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri. 28Neri te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Adi, Adi te pitit Kozam, Kozam te pitit Elmadam, Elmadam te pitit Er. 29Er te pitit Jezi, Jezi te pitit Elyezè, Elyezè te pitit Jorim, Jorim te pitit Matat, Matat te pitit Levi. 30Levi te pitit Simeyon, Simeyon te pitit Jida, Jida te pitit Jozèf, Jozèf te pitit Jonam, Jonam te pitit Elyakim. 31Elyakim te pitit Melea, Melea te pitit Mena, Mena te pitit Matata, Matata te pitit Natan, Natan te pitit David. 32David te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Booz, Booz te pitit Sala, Sala te pitit Naason. 33Naason te pitit Aminadab, Aminadab te pitit Admen, Admen te pitit Ani, Ani te pitit Eswòm, Eswòm te pitit Perèz, Perèz te pitit Jida. 34Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò. 35Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala. 36Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk. 37Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan. 38Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.

¿Sabías que…?
Juan el Bautista prepara el camino
- Lucas sitúa la predicación de Juan en el año decimoquinto de Tiberio César, hijastro de Augusto, quien lo sucedió en el año 14 d. C. y murió en el 37 d. C. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) señala que Juan comenzó su ministerio público en ese año, y que Poncio Pilato, el sexto procurador romano de Judea del 26 al 36 d. C., mantuvo su sede en Cesarea durante un período que abarcó los ministerios de Juan y de Jesús. Herodes Antipas, hijo de Herodes, era entonces tetrarca de Galilea.Fuentes: el propio texto bíblico · Tiberius · Pontius Pilate · Herod Antipas
- El capítulo sitúa estos acontecimientos durante el sumo sacerdocio de Anás y de Caifás. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) registra que Anás fue sumo sacerdote del año 7 al 14 d. C. y fue depuesto por el procurador romano, y que Caifás, que se había casado con la hija de Anás, fue elevado a ese cargo en el año 25 d. C. La misma entrada sugiere que los judíos aún podían considerar a Anás el sumo sacerdote legítimo, pues la ley de Moisés mantenía el cargo de por vida, y que probablemente servía junto a Caifás como presidente del sanedrín o como adjunto del sumo sacerdote.Fuentes: el propio texto bíblico · Annas
- Juan, hijo de Zacarías, era de linaje sacerdotal: su padre era sacerdote del turno de Abías, y su madre, Elisabet, pertenecía a las hijas de Aarón. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) señala que la misión de Juan fue objeto de profecía, incluida la voz que clama en el desierto en Isaías, y que su nacimiento ocurrió seis meses antes del de Jesús. En este capítulo predica un bautismo de arrepentimiento por toda la región alrededor del Jordán, y el tetrarca Herodes después lo encarcela, luego de que Juan lo reprende por causa de Herodías.Fuentes: el propio texto bíblico · John the Baptist
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Abilene · 33.627, 36.106 · versículo 1
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 1, 19
- Ituraea · 33.400, 35.850 · versículo 1
- Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Trachonitis · Hoy: Lajat · 32.969, 36.455 · versículo 1
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 3
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org