Lucas 2
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo te konte dènye moun ki nan peyi l'ap gouvènen yo. 2Premye travay sa a te fèt nan tan Kireniyis t'ap kòmande nan peyi yo rele Siri a. 3Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te soti. 4Jozèf te rete nan peyi Galile, nan yon bouk yo rele Nazarèt. Men, paske li te moun nan fanmi ak ras David, li moute, li ale nan Jide, nan lavil David yo rele Betleyèm lan. 5Jozèf tapral fè yo pran non l' ansanm ak non Mari, fiyanse li, ki te ansent. 6Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive. 7Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l' kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pa t' gen plas pou yo nan lotèl la. 8Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo. 9Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil. 10Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. 11Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a. 12Men remak ki va fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt, kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje. 13Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan; yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: 14Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen. 15Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an. 16Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak tipitit la kouche kote yo bay bèt yo manje a. 17Lè yo wè l', yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la. 18Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a. 19Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l', li t'ap repase yo nan tèt li. 20Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo; yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen. 21Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l' Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l' te vin ansent li. 22Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l' apa pou Bondye, 23dapre sa ki te ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mèt la. 24Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. 25Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. 26Li te fè l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a. 27Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, 28Simeyon pran tipitit la nan bra l', li di Bondye mèsi. Li di: 29Koulye a, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. 30Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. 31Ou pare l' mete devan tout pèp yo. 32Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a. 33Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa. 34Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: Bondye chwazi pitit sa a; l'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. 35Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe. 36Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele An, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Asè. Li te fin vye granmoun. Li te viv sètan avèk nonm li te marye depi l' te jennfi a. 37Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pa t' janm kite tanp lan; li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè. 38Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm. 39Lè yo fin fè tou sa lalwa Bondye te mande yo fè a, Jozèf ak Mari tounen ansanm avèk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarèt nan Galile. 40Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l', epi favè Bondye te avèk li. 41Chak lanne pou fèt Delivrans lan, manman ak papa Jezi te konn ale lavil Jerizalèm. 42Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. 43Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap tounen lakay yo. Ti Jezi menm rete lavil Jerizalèm. Men, papa l' ak manman l' pa t' wè sa. 44Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo mache tout yon jounen. Se lè sa a yo pran chache l' pami fanmi yo ak zanmi yo. 45Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. 46Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou. 47Tout moun ki t'ap tande l' te sezi pou jan l' te gen lespri, ak jan l' t'ap reponn yo. 48Lè papa l' ak manman l' wè l', yo pa t' manke sezi. Manman li di l' konsa: Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m' nou pa chache ou. Ou fè kè n' kase. 49Jezi di yo: Poukisa pou n'ap chache m' konsa? Nou pa t' konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? 50Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo. 51Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li. 52Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.

¿Sabías que…?
El nacimiento y los primeros años de Jesús
- Lucas sitúa el nacimiento de Jesús en la época de un decreto de César Augusto para que se hiciera un censo de todo el imperio. Augusto era el cognomen del primer emperador romano, C. Julio César Octaviano; el título, que significa “majestad” o “venerable”, lo dio primero el senado. Lucas llama a este el primer censo realizado mientras Quirino era gobernador de Siria; Cirenio es la forma griega de Publio Sulpicio Quirino.Fuentes: el propio texto bíblico · Augustus · Cyrenius
- José vivía en Nazaret, en Galilea, y de allí subió a Judea, a Belén, la ciudad de David, porque pertenecía a la casa y al linaje de David. Belén está en la región montañosa de Judá y era la propia ciudad de David: David, el octavo y el menor de los hijos de Isaí, era ciudadano de Belén. María, prometida en matrimonio a José y esperando un hijo, viajó con él para registrarse.Fuentes: el propio texto bíblico · Joseph (Mary's Husband) · Bethlehem · David
- Cuando se cumplió el tiempo de la purificación exigido por la Ley de Moisés, los padres llevaron al niño a Jerusalén para presentarlo al Señor, ofreciendo un par de tórtolas o dos pichones. En el templo se encontraron con Simeón y con Ana, una profetisa, hija de Fanuel, de la tribu de Aser. Había estado casada durante siete años y después quedó viuda hasta los ochenta y cuatro, y nunca dejaba el templo, adorando noche y día, en ayuno y oración.Fuentes: el propio texto bíblico · Anna
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Syria · Hoy: Syria 2 · 33.511, 36.306 · versículo 2
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículos 4, 11, 15
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 4, 39
- Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 4
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículos 4, 39, 43, 51
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 22, 25, 38, 41, 42, 43, 45
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org