Lucas 14
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li. 2Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi. 3Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? 4Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale. 5Apre sa, li di yo: Si yonn nan nou gen yon pitit gason l' osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi yon jou repo, èske li p'ap wete l' menm lè a? 6Yo pa t' kapab reponn li anyen sou sa. 7Jezi te wè ki jan moun yo te envite yo t'ap chwazi pi bon plas. Li rakonte parabòl sa a pou yo tout, li di: 8Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou, 9moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, wa wont, wa blije al chita nan plas dèyè. 10Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè; konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo. 11Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li. 12Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. 13Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. 14Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò. 15Lè l' tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. 16Jezi reponn li: Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. 17Lè pou fèt la kòmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare koulye a. 18Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fèk achte yon tè, fòk m' al wè li. Tanpri, eskize mwen. 19Yon lòt di li: Mwen fèk achte senk pè bèf; mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. 20Yon lòt di: Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. 21Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè; li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. 22Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. 23Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. 24Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m' lan. 25Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo: 26Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen. 27Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis. 28Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l' fè: se pou l' chita pou l' kalkile konbe sa pral koute l' pou l' wè si li gen kont lajan pou l' fin fè travay la. 29Si l' pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l' p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l' nan betiz. 30Y'a di: Nonm lan kòmanse bati, men li pa kapab fini. 31Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil (10.000) òm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) òm. 32Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l' pou mande l' fè aranjman. 33Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen. 34Sèl, se yon bon bagay; men si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou n' fè l' sale ankò? 35Lè sa a, sèl la pa bon pou mete ni nan jaden ni nan fimye, se jete pou yo voye sa jete. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.

¿Sabías que…?
Curación en sábado, banquetes y el costo del discipulado
- Un registro de acontecimientos titula este episodio “Enseñanza y sanidad, de Perea a Jerusalén”, con inicio en el año 30 d. C. y una duración de un día. El capítulo comienza en una comida de sábado y, más adelante, muestra a grandes multitudes que viajan con Jesús mientras él habla de cargar la cruz, calcular el costo y dejarlo todo para ser su discípulo.Fuentes: Teaching and Healing in Perea to Jerusalem · el propio texto bíblico
- Un sábado, Jesús fue a comer en la casa de uno de los principales fariseos, mientras los presentes lo observaban de cerca. Justo delante de él había un hombre con hidropesía; Jesús preguntó a los expertos en la ley y a los fariseos si era lícito sanar en sábado y, como ellos guardaron silencio, sanó al hombre y comparó el acto con sacar a un hijo o a un buey de un pozo ese mismo día.Fuentes: el propio texto bíblico
- Al notar que los invitados escogían los lugares de honor, Jesús contó una parábola sobre los asientos en un banquete de bodas y exhortó al anfitrión a invitar a los pobres, a los lisiados, a los cojos y a los ciegos, que no podrían corresponderle. Cuando alguien allí declaró bienaventurados a quienes comerían en el banquete del reino de Dios, Jesús describió un gran banquete cuyos invitados se excusaron —uno para ver un campo, otro para probar cinco yuntas de bueyes y otro porque se había casado—, y el dueño envió a su siervo a las calles y callejones y después a los caminos y setos.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org