Nations Bible

Lucas 13

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye. 2Jezi reponn yo: Gen lè nou kwè se paske moun sa yo te fè pi gwo peche pase lòt moun Galile yo kifè yo te masakre yo konsa? 3Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou. 4Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, gen lè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo? 5Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou. 6Apre sa, Jezi di yo parabòl sa a: Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l', men li pa jwenn. 7Lè sa a, li di jeran jaden an: Sa fè twazan depi m'ap vin chache fig nan pye fig frans sa a, mwen pa ka jwenn anyen. Koupe li non. Poukisa pou l' pran tout plas sa a nan tè a pou gremesi? 8Men, jeran an reponn li: Mèt, kite l' fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l', m'ap mete fimye ladan li. 9Konsa, li ka donnen. Si l' pa donnen, wa fè koupe l' lòt lanne. 10Yon jou repo, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yon sinagòg. 11Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm. 12Lè Jezi wè l', li rele l', li di li: Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande. 13Jezi lonje men l' sou li. Latou fanm lan kanpe dwat, li pran fè lwanj Bondye. 14Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a. 15Jezi reponn li: Ala ou ipokrit! Jou repo a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou nan kay kote nou gade yo a, nou mennen yo al bwè dlo, pa vre? 16Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l' anba yon maladi, mwen pa t' dwe delivre l' yon jou repo? 17Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pa t' vle wè l' yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo. 18Jezi di yo: Ak ki bagay peyi kote Bondye Wa a sanble? Kisa m' ta di l' sanble ankò? 19Li tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li. Li pouse, li vin yon pyebwa. Se konsa zwezo nan syèl la fè nich nan branch li yo. 20Jezi di yo ankò: Ak kisa pou m' konpare peyi kote Bondye Wa a? 21Li tankou ledven yon fanm pran li mete nan twa mezi farin pou fè tout pa t' la leve. 22Jezi t'ap moute lavil Jerizalèm, li t'ap pase nan anpil lavil ak anpil bouk. Sou tout wout la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 23Yon moun mande li: Mèt, èske se de twa moun sèlman k'ap sove? Li reponn yo: 24Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab. 25Mèt kay la gen pou l' leve fèmen pòt la; lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a kòmanse frape nan pòt la; n'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! La reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou soti. 26Lè sa a n'a di: Nou te manje, nou te bwè ansanm avè ou, ou te moutre nou anpil bagay nan tout lari lakay nou. 27Men, la reponn nou: Mwen di nou, mwen pa konnen ki bò nou soti. Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal. 28Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo. 29Moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a soti nan nò ak nan sid, y'a chita sou tab nan bèl peyi kote Bondye Wa a. 30Lè sa a, nan moun ki dèyè nèt koulye a, genyen k'ap pase devan. Nan moun ki devan koulye a, genyen k'ap rete dèyè. 31Menm lè sa a, kèk farizyen pwoche bò kot Jezi, yo di li: Pa rete isit la, ale yon lòt kote, paske Ewòd vle touye ou. 32Li reponn yo: Ale di chat mawon an: m'ap chase move lespri yo, m'ap geri moun malad jòdi a ak denmen, nan twa jou m'ap fin travay mwen. 33Men, fòk mwen kontinye mache jòdi a, denmen ak apre denmen tou, paske sa pa bon pou yo touye yon pwofèt lòt kote pase nan lavil Jerizalèm. 34Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k'ap touye pwofèt yo, k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pa t' vle! 35Enben, kay ou yo va rete san moun. M'ap di ou sa: nou p'ap wè m' ankò, jouk lè a va rive pou nou di: benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Arrepentimiento en el camino a Jerusalén

  • Poncio Pilato fue el sexto procurador romano de Judea, del 26 al 36 d.C. Su sede estaba en Cesarea, aunque subía con frecuencia a Jerusalén. Lucas 13 comienza con la noticia de que había mezclado la sangre de unos galileos con sus sacrificios; Jesús responde que eso no demuestra que fueran peores pecadores que los demás galileos y que, si quienes lo escuchan no se arrepienten, también perecerán todos.Fuentes: Pontius Pilate · el propio texto bíblico
  • Jesús pregunta también si los dieciocho que murieron cuando se derrumbó la torre de Siloé eran más pecadores que todos los demás habitantes de Jerusalén, y de nuevo dice que, si quienes lo escuchan no se arrepienten, también perecerán todos. Siloé, que significa “enviado” o “envío”, ha sido identificado con el Birket Silwan, en la parte baja del valle del Tiropeón, al sureste de la colina de Sion. El agua llega a ese estanque de manera intermitente por un canal subterráneo sinuoso desde la Fuente de la Virgen, y el Evangelio de Juan registra que Jesús dio la vista a un ciego allí.Fuentes: Siloam · el propio texto bíblico
  • Mientras recorre los pueblos y las aldeas camino a Jerusalén, Jesús se lamenta por la ciudad que mata a los profetas y apedrea a los que le son enviados. Se la describe como una ciudad de montaña asentada en una fortaleza; su nombre, en forma dual, significa “posesión de paz” o “fundación de paz”, y probablemente se refiere a Sion y Moria, los dos montes sobre los que fue edificada, o, como suponen algunos, a la ciudad alta y la ciudad baja. Dice que muchas veces quiso reunir a sus hijos como la gallina reúne a sus polluelos bajo las alas, y el Easton's Bible Dictionary (1897) señala que esta ave familiar solo se menciona en este lamento y en Mateo 23:37.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · Josiah

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 1, 2
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 22, 33, 34
  • Siloam · Hoy: Pool of Siloam · 31.771, 35.235 · versículo 4

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.