Josué 20
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: 2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka jwenn pwoteksyon, jan mwen te bay Moyiz lòd pou yo fè a. 3Lè yon moun touye yon moun san li pa fè espre, san li pa t' gen lide fè sa, li ka kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun k'ap chache l' pou yo tire revanj. 4Moun k'ap chache pwoteksyon nan yonn nan lavil sa yo va kouri ale bò pòtay lavil la, l'a esplike chèf fanmi lavil la sa ki te rive l'. Lèfini, y'a kite l' antre nan lavil la. Y'a ba li yon kote pou l' rete nan mitan yo. 5Si moun k'ap chache tire revanj yo rive jouk la deyè l', chèf fanmi lavil la p'ap renmèt yo nonm lan, paske se pa espre li te fè lè l' te touye moun menm ras ak li a. Li pa t' gen anyen avè l'. 6L'a gen pou l' rete nan lavil la jouk la parèt devan tout pèp la pou yo jije l', jouk moun ki granprèt lè sa a va mouri. Se lè sa a nonm lan va gen dwa tounen lakay li, nan lavil li te kouri kite a. 7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon. 8Lòt bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Woubenn yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo. 9Men non lavil yo te chwazi pou bay pwoteksyon yo. Nenpòt moun nan pèp Izrayèl la osinon nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo ki ta touye yon moun san fè espre, l'a gen dwa kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun ki fanmi pi pre moun li te touye a, anvan li parèt devan tout pèp la pou yo jije l'.

¿Sabías que…?
Las ciudades de refugio
- Las ciudades de refugio brindaban protección a quien causara una muerte accidental, librándolo de la represalia del vengador de la sangre. El fugitivo debía presentar su caso ante los ancianos a la puerta de la ciudad y podía permanecer a salvo hasta comparecer a juicio ante la asamblea y hasta la muerte del sumo sacerdote en funciones.Fuentes: el propio texto bíblico
- Se designaron seis ciudades en todo el territorio, repartidas equitativamente en tres a cada lado del río Jordán. Cedes, Siquem y Hebrón cubrían la región montañosa al oeste del Jordán, mientras que Béser, Ramot de Galaad y Golán en Basán servían a las tribus del este.Fuentes: el propio texto bíblico · Hebron · Shechem · Kedesh
- La protección legal ofrecida por las ciudades de refugio se aplicaba tanto a los israelitas nativos como a los extranjeros que residían entre ellos.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 7
- Hebron · Hoy: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículo 7
- Kedesh · Hoy: Tel Kedesh · 33.112, 35.530 · versículo 7
- Shechem · Hoy: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · versículo 7
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 8
- Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 8
- Jericho · Hoy: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 8
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 8
- Ramoth · Hoy: Tall er Rumeith · 32.500, 36.015 · versículo 8
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org