Nations Bible

Josué 19

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo. 2Men lavil yo te ba yo pou yo separe pou yo: Bècheba, Cheba, Molada 3Asa-Chwal, Bala, Atsèm, 4Eltolad, Betoul, Oma, 5Ziklag, Bèt Makabòt Asa-Sousa, 6Bèt Lebayòt ak Chawouyèm. Sa te fè antou trèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 7Yo te ba yo ankò Ayin, Rimon, Etè ak Achan, kat lòt lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 8Fòk nou konte tou tout ti bouk nan vwazinaj lavil sa yo rive jouk Baalat-Beyè ak Rama nan dezè a. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Simeyon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 9Nan pòsyon tè moun Jida yo, yo te pran yon pòsyon bay moun Simeyon yo, paske pòsyon tè ki te pou moun Jida yo te twòp pou yo. Se konsa, moun branch fanmi Simeyon yo te jwenn yon pòsyon tè ki te nan mitan pòsyon tè moun Jida yo. 10Twazyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Zabilon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo te resevwa a te rive jouk Sarid. 11Limit la moute bò lwès, li rive Mareala, li pase Dabechèt. Apre sa, li rive nan ravin ki pase anfas Jokneyam, 12lòt bò lavil Sarid, nan direksyon solèy leve, jouk yo rive sou limit Kislòt-Tabò. Apre sa, li pran chemen Daberat, li moute Jafya. 13Li soti Jafya nan menm direksyon solèy leve a, li rive sou Gat-Efè ak Itakasen. Li pase sou Rimon, li vire sou Nea. 14Sou bò nò, limit la vire sou Anaton, l' al bout nan fon Jiftayèl. 15Yo te ba yo lavil sa yo tou: Katat, Naala, Chimwon, Jideala ak Betleyèm. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo. 16Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Zabilon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 17Katriyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 18Pòsyon sa a te rive jouk lavil Jizreyèl. Men lòt lavil ki te ladan l': Kesoulòt, Choumèm, 19Afarayim, Chiyon, Anakarat, 20Rabit, Kichyon, Abèz, 21Remèt ak An-Gannim, An ada ak Bèt-Pasèz. 22Fwontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l' al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 23Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 24Senkyèm pòsyon tè a soti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 25Men lavil ki te nan pòsyon tè pa yo a: Elkat, Ali, Betèn, Akchaf, 26Alamelèk, Ameyad, Micheyal. Sou bò solèy kouche, li te rive mòn Kamèl ak ravin Libnat. 27Sou bò solèy leve, tè a rive jouk Bèt-Dagon, li rive sou limit tè moun Zabilon yo, li pran fon Jiftayèl la moute nan direksyon nò, li pase Bèt-Emèk ak Neyèl, li bout sou Kaboul bò nan nò nèt. 28Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an. 29Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l' al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib, 30Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo. 31Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Asè yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 32Se pou moun branch fanmi Neftali yo sizyèm pòsyon tè a vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo. 33Limit la soti lavil Elèf, bò pye chenn Sanannim lan, li pase Adami-Nekèd, Jabneyèl jouk li rive Lakoum, pou l' al bout sou larivyè Jouden an. 34Sou bò solèy kouche, limit la vire sou Aznòt-Tabò. Lè l' soti la, l' al Oukòk, li pase sou limit tè moun Zabilon yo bò nan sid, sou baliz tè moun Asè yo sou bò lwès. Sou bò lès, li pase sou limit tè moun Jida yo kote li lonje larivyè Jouden an. 35Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt, 36Adama, Rama, Asò, 37Kadès, Edreyi, An asò, 38Jireyon, Migdalèl, Orèm, Bèt anat, Bèt-Chemèch. Sa te fè antou disnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 39Men tout lavil ansanm ak tout ti bouk sou lòd yo ki te nan pòsyon tè yo bay moun Neftali yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 40Se pou moun branch fanmi Dann yo setyèm pòsyon tè a te vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo. 41Men lavil yo te jwenn nan pòsyon tè pa yo a: Se te Soreya, Echtawòl, Ichemèch, 42Chalabin, Ajalon, Jitla, 43Elon, Timnata, Ekwon, 44Eltekè, Gibeton, Baalat, 45Jewoud, Bene-Berak Gat-Rimon, 46Me-jakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope. 47Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann. 48Men pòsyon tè ansanm ak tout lavil ak ti bouk ki te sou lòd yo, ki te vin pou moun branch fanmi Dann yo pou yo te separe bay chak fanmi pa yo. 49Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l' pa l'. 50Jan Seyè a te ba yo lòd la, yo ba li lavil li te mande a: Timnat-Sera nan mòn Efrayim. Li rebati lavil la epi li rete ladan l'. 51Men divès pòsyon tè Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf fanmi yo te separe bay branch fanmi pèp Izrayèl la, devan Seyè a, nan papòt Tant Randevou a, apre yo te fin tire osò. Se konsa yo te fin separe peyi a nèt.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La repartición final de la tierra

  • Simeón recibió una herencia ubicada por completo dentro del territorio mayor de Judá, debido a que la porción de Judá se consideraba demasiado extensa para ellos. Esto incluía asentamientos del sur como Berseba y Molada.Fuentes: el propio texto bíblico · Simeon · Beersheba · Moladah
  • Dan fue la última tribu en recibir su asignación de tierra, situada en la frontera occidental hacia el mar. Cuando los danitas tuvieron dificultades para retener su territorio original, marcharon al norte, conquistaron la ciudad de Lesem y la rebautizaron Dan en honor a su antepasado.Fuentes: el propio texto bíblico · Dan
  • Solo después de completarse la división de las tierras tribales, los líderes otorgaron a Josué hijo de Nun su herencia personal. Él solicitó y recibió la ciudad de Timnat-seraj en la región montañosa de Efraín, la cual reconstruyó y donde se estableció.Fuentes: el propio texto bíblico · Joshua

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 8
  • Jokneam · Hoy: Tel Yokneam · 32.664, 35.108 · versículo 11
  • Bethlehem · Hoy: Beit Lahm · 32.735, 35.186 · versículo 15
  • Shunem · Hoy: Sulam · 32.606, 35.334 · versículo 18
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 22, 33, 34
  • Mount Tabor · Hoy: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículo 22
  • Mount Carmel · 32.672, 35.023 · versículo 26
  • Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 28
  • Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 29
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 29
  • Allon · Hoy: in Hanot Taggarim · 32.721, 35.411 · versículo 33
  • Hazor · Hoy: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · versículo 36
  • Kedesh · Hoy: Tel Kedesh · 33.112, 35.530 · versículo 37
  • Ir-shemesh · Hoy: Tel Bet Shemesh · 31.751, 34.975 · versículo 41
  • Ekron · Hoy: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · versículo 43
  • Joppa · Hoy: Jaffa · 32.054, 34.753 · versículo 46
  • Dan · Hoy: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 47
  • Shiloh · Hoy: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículo 51

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.