Nations Bible

Juan 3

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo. 2Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li. 3Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. 4Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò. 5Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. 6Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. 7Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa. 8Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye. 9Lè sa a Nikodèm di li: Ki jan sa ka fèt menm? 10Jezi reponn li: Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo? 11Sa m'ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a. 12Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la? 13Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la. 14Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou. 15Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. 16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. 17Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. 18Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. 19Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. 20Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. 21Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a. 22Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun. 23Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l' li te batize yo. 24(Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jan Batis nan prizon.) 25De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo. 26Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li. 27Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li. 28Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li. 29Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a. 30Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou. 31Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout. 32L'ap di sa l' wè, sa l' tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li. 33Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre. 34Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi. 35Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El nuevo nacimiento y el testimonio de Juan

  • Nicodemo, cuyo nombre significa "el pueblo es vencedor", era fariseo y miembro del Sanedrín. Fue a Jesús de noche para conocer mejor su enseñanza, y el Evangelio lo llama líder de los judíos; Jesús se dirige a él como maestro de Israel.Fuentes: Nicodemus · el propio texto bíblico
  • Después de esta conversación, Jesús y sus discípulos fueron a la zona rural de Judea, que bajo los romanos era la más meridional de las tres divisiones de Palestina. Juan también bautizaba en Enón, cerca de Salim, porque allí el agua era abundante; Salim, cuyo nombre significa "pacífico", quedaba al oeste del Jordán. Enón significa "manantiales", y el Diccionario Bíblico de Easton (1897) lo sitúa probablemente cerca del nacimiento superior del Wady Far'ah, un valle abierto lleno de manantiales que va del monte Ebal al Jordán.Fuentes: el propio texto bíblico · Judea · Aenon · Salim
  • En este capítulo, Juan dice a sus discípulos que él no es el Cristo, sino que fue enviado delante de él, y el relato señala que aún no había sido encarcelado. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) lo describe como el precursor de Jesús, de linaje sacerdotal, y dice que su misión fue objeto de profecía.Fuentes: el propio texto bíblico · John the Baptist

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 22
  • Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 22
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 26

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.