Juan 2
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la, 2yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou. 3Rive yon lè pa t' gen diven ankò. Manman Jezi di l' konsa: Yo pa gen diven ankò non. 4Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m' lan poko rive. 5Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè. 6Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa. 7Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. 8Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. 9Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, 10li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'. 11Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li. 12Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l', frè l' yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la. 13Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm. 14Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. 15Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. 16Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès. 17Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. 18Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a? 19Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou. 20Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li? 21Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li. 22Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo. 23Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè. 24Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen. 25Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.

¿Sabías que…?
De una boda en Caná al templo en Jerusalén
- Caná, una ciudad de Galilea cercana a Capernaúm, no se menciona en el Antiguo Testamento. Algunos la identifican con Kana el-Jelil, también llamada Khurbet Kana, a ocho o nueve millas al norte de Nazaret; otros, con Kefr Kenna, a unas cinco millas al noreste de Nazaret y a doce millas en línea recta desde Tiberíades, en el camino hacia el mar de Galilea. Allí Jesús realizó la primera de sus señales, al convertir el agua en vino en una boda.Fuentes: Cana · el propio texto bíblico
- Después de la boda, Jesús bajó a Capernaúm con su madre, sus hermanos y sus discípulos, y permanecieron allí unos días. Capernaúm, “el pueblo de Nahúm”, era una ciudad de Galilea que no se menciona en el Antiguo Testamento. Después de ser expulsado de Nazaret, llegó a ser su propia ciudad.Fuentes: el propio texto bíblico · Capernaum
- Cuando se acercaba la Pascua judía, Jesús subió a Jerusalén, una ciudad en las montañas. Su nombre, en forma dual, significa “posesión de paz” o “fundación de paz”, probablemente en referencia a los montes Sion y Moriah o, como algunos suponen, a la ciudad alta y la ciudad baja; los árabes modernos la llaman el-Khuds, “la santa”. Quienes exigieron una señal dijeron que el templo había tardado cuarenta y seis años en construirse, y una cronología fecha esta Pascua y el episodio del templo en el año 27 d. C.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · First Passover and Temple Cleansing
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org