Nations Bible

Juan 16

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive. 2Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa. 3Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. 4Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou. 5Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale? 6Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase. 7Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou. 8Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye. 9Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. 10Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò. 11Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja. 12Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m' di nou, men nou pa ka konprann yo koulye a. 13Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. 14Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo. 15Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo. 16Talè konsa nou p'ap wè m'; talè konsa n'a wè m' ankò. 17Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa n'a wè m' ankò? Sa l' vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a? 18Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l' vle di. 19Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa tou n'a wè m' ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an? 20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan. 21Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè. 22Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. 23Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li. 24Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale. 25Mwen di nou tou sa an parabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale an parabòl ak nou ankò, men m'ap pale nou kareman sou Papa a. 26Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou, 27paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwè mwen soti nan Papa a. 28Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Koulye a, m'ap wete kò m' sou latè a, mwen pral jwenn Papa a. 29Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl. 30Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye. 31Jezi reponn yo: Nou sèten nou kwè koulye a? 32Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen. 33Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La partida, el Abogado y el gozo tras la tristeza

  • Las notas de los acontecimientos sitúan este capítulo en el Discurso del Aposento Alto, un episodio de un día dentro de la Semana Santa, que esas notas presentan como un período de ocho días.Fuentes: Upper Room Discourse · Holy Week
  • Jesús dice a los discípulos que los expulsarán de las sinagogas. Añade que viene un tiempo en que quien los mate pensará que está ofreciendo un servicio a Dios, porque no han conocido al Padre ni a él.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Él dice que es para el bien de ellos que se va, porque si no se va, el Abogado no vendrá. Cuando venga el Espíritu de verdad, los guiará a toda la verdad, no hablando por su propia cuenta, sino diciendo lo que oye y anunciando lo que ha de venir.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.