Juan 15
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an. 2Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou. 3Nou menm, avèk tou sa m' moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n' fè volonte Bondye. 4Se pou n' fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen. 5Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen. 6Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo. 7Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li. 8Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye. 9Jan Papa a renmen m' lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. 10Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou. 11Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale. 12Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. 13Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. 14Nou tout, se zanmi m' nou ye depi nou fè sa m' mande nou fè. 15Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen. 16Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen. 17Wi, men sa m' mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt. 18Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou. 19Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. 20Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou. 21Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m' lan. 22Si m' pa t' vini, si m' pa t' pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo. 23Moun ki rayi m', li rayi Papa m' tou. 24Si m' pa t' fè bagay okenn lòt moun pa t' janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo wè sa m' fè, yo rayi ni mwen ni Papa mwen. 25Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m' san m' pa fè yo anyen. 26Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k'ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l' pou m' voye ban nou, la pale nou sou mwen. 27Nou menm tou, n'a pale sou mwen, paske nou te la avè m' depi nan konmansman.

¿Sabías que…?
La vid verdadera, la amistad y el mundo
- En este capítulo, Jesús se llama a sí mismo la vid verdadera y a su Padre el que cuida la viña. Las ramas que no dan fruto son cortadas, y las que sí dan fruto son podadas para que lleguen a ser aún más fructíferas. Dice que ninguna rama puede dar fruto si no permanece en la vid, y que, separados de él, sus oyentes no pueden hacer nada.Fuentes: el propio texto bíblico
- Jesús les dice a sus oyentes que ya no los llama siervos, porque el siervo no entiende lo que hace su señor. Los llama amigos, porque les ha dado a conocer todo lo que aprendió del Padre. También dice que ellos no lo eligieron; él los eligió y los designó para que den fruto que permanezca.Fuentes: el propio texto bíblico
- Jesús afirma que el mundo odia a quienes él eligió de en medio del mundo, y que el mundo lo odió primero. Recuerda una palabra que ya había dicho: “Ningún siervo es mayor que su señor”, y dice que ese odio cumple lo que está escrito en su Ley: “Me odiaron sin motivo”. También promete al Abogado, el Espíritu de verdad que procede del Padre, quien dará testimonio acerca de él.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org