Isaías 48
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la. 2Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a. 3Depi lontan mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive. Mwen te pale pou tout moun tande. Mwen rete konsa, mwen fè sa m' gen pou m' fè a, epi yo rive vre. 4Mwen te konnen jan nou wòklò. Tèt nou di pase fè, di pase wòch 5Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive nou. Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive, pou nou pa t' di se zidòl nou yo ki te fè sa pou nou, se estati an fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa. 6Se pou nou rekonèt tou sa mwen te di nou yo rive vre. Enben, mwen pral fè ou konnen lòt bagay ankò ki gen pou rive, bagay mwen te kenbe pou mwen, bagay ou pa ka konnen menm. 7Se bagay m'ap fè koulye a menm. Mwen pa janm ko fè sa. Se bagay nou pa t' janm konnen jouk jounen jòdi a. Konsa nou pa ka di nou te konn sa deja! 8Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di. 9Se poutèt non mwen pote a kifè mwen kenbe kòlè m'. Se paske mwen vle pou moun fè lwanj mwen kifè mwen pa koute kòlè m' pou m' kraze nou! 10Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon, mwen te fè nou pase tray pou m' wè kote nou ye. 11Se poutèt mwen, poutèt mwen menm ase, mwen fè sa m' fè a. Eske m' ka kite yo derespekte non mwen? Mwen p'ap kite yon lòt resevwa lwanj ki pou mwen an! 12Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje. 13Se mwen menm ak men mwen ki fè latè. Se ak fòs ponyèt mwen mwen louvri syèl la. Lè m' rele yo, yo tout kouri vin nan pye m'. 14Nou tout, sanble non pou nou koute m'! Kilès nan zidòl nou yo ki te fè konnen depi davans tout bagay sa yo? Moun mwen renmen an pral fè travay mwen vle l' fè a kont lavil Babilòn, kont ras moun Kalde yo. 15Se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l'. Se mwen menm ki fè l' vini. M'ap fè l' reyisi nan travay l'ap fè a. 16Pwoche kote m' non, koute sa m'ap di: Depi nan konmansman mwen pa kache nou anyen. Depi lè bagay la t'ap rive, mwen te la. Koulye a, Seyè a ban mwen lespri l', li voye m'! 17Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, men sa li di: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la. 18Si sèlman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo, benediksyon ta vide sou nou tankou lapli k'ap tonbe. Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm, m' pa ta janm sispann kanpe pou nou! 19Moun ras nou yo ta menm kantite ak grenn sab. Pitit pitit nou yo ta tankou grenn sab bò lanmè. Anyen pa ta ka detwi nou devan mwen. Non! Nou pa ta janm disparèt devan mwen. 20Soti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo! Gaye nouvèl la ak kè kontan. Mache fè konnen l' toupatou. Seyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a. 21Lè li t'ap mennen yo nan dezè a, yo pa t' swaf dlo. Li fè sous dlo pete nan wòch pou yo. Li fann wòch la, dlo koule soti. 22Men Seyè a di: Pa gen kè poze pou mechan yo!

¿Sabías que…?
Purificación de Israel y salida de Babilonia
- En Isaías 48, Dios explica que reveló profecías y las cumplió repentinamente para que el pueblo obstinado no atribuyera estos acontecimientos a ídolos esculpidos o imágenes fundidas. El anuncio tanto de cosas pasadas como de cosas totalmente nuevas buscaba desmantelar cualquier pretensión de poder idolátrico.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo insta a los exiliados a huir de Babilonia y de los caldeos, una región en la Baja Mesopotamia situada en la vasta llanura regada por los ríos Éufrates y Tigris. Babilonia, ubicada sobre el Éufrates, sirvió como lugar de exilio hasta este llamado a salir con gozosa proclamación.Fuentes: el propio texto bíblico · Babylon · Chaldea
- Aunque Dios habla de purificar a la casa de Jacob en el horno de la aflicción y no como a la plata, el texto promete provisión divina en su retorno, evocando el agua que brotó de una roca hendida en el desierto.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org