Nations Bible

Isaías 47

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè. 2Pran wòl moulen yo, al moulen farin! Wete vwal ki sou tèt ou a! Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo. 3Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'. 4Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 5Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo. 6Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo. 7Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini. 8Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit! 9Enben! De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou. Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou! Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou, malgre tout maji ou pral fè yo, malgre pakèt wanga ou genyen yo! 10Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt. 11Yon malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka detounen l' ak maji ou yo. Yon sèl malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l' rive ou. W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou, yon boulvès ou pa t' janm mete nan tèt ou te ka rive ou. 12Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo! 13Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini koulye a, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive. 14Yo tankou ti moso pay. Yon sèl dife pral boule yo. Yo p'ap menm ka sove pwòp tèt pa yo. Se p'ap yon ti dife tankou dife yo fè pou kwit manje ni tankou boukan yo limen pou moun chofe dife. 15Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou. Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi. Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo. Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La caída de Babilonia

  • Babilonia es personificada como una reina consentida e hija noble que es humillada súbitamente. En lugar de sentarse segura en un trono de lujo, se le ordena sentarse en el polvo y realizar el trabajo servil de moler harina con piedras de molino.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo resalta la dependencia de Babilonia de las prácticas ocultas y la observación de las estrellas. El profeta desafía a los astrólogos, hechiceros y pronosticadores mensuales de la ciudad a presentarse, declarando que sus artes arderán como rastrojo y no podrán evitar la ruina repentina.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Babilonia, situada a orillas del río Éufrates en Caldea, había recibido autoridad para dominar al pueblo de Dios como instrumento de juicio. Sin embargo, el texto reprende al imperio por no mostrar misericordia, señalando que impuso yugos pesados incluso sobre los ancianos.Fuentes: Babylon · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 6
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículos 1, 5

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.