Hebreos 13
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la. 2Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa. 3Pa bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y'ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kò. 4Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo. 5Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. 6Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen? 7Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo. 8Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan. 9Pa kite tout kalite lòt pawòl moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li pi bon pou kè nou lè fòs nou pa soti nan sa nou manje ak sa nou pa manje, men nan renmen Bondye gen pou nou an. Paske moun k'ap gade sou manje pa janm jwenn okenn benefis. 10Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gen dwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a. 11Lè y'ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a. 12Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l' te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule. 13Nou menm tou, ann soti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n' soufri menm wont la ansanm ak li. 14Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an. 15Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou. 16Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi. 17Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l' ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou. 18Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans. 19M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m' okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan. 20Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li. 21M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn. 22Tanpri, frè m' yo, m'ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajman sa yo ak pasyans, paske sa m' di nan lèt mwen ekri nou an pa long. 23Mwen vle fè nou konnen yo gen tan lage Timote, frè nou an. Si li rive bònè, m'a pran l' avè m' lè m'ap vin wè nou. 24Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout. 25benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.

¿Sabías que…?
Exhortaciones para la vida en común
- El capítulo recuerda que el sumo sacerdote lleva la sangre de los animales al Lugar Santo como sacrificio por el pecado, mientras los cuerpos se queman fuera del campamento. Dice que Jesús también sufrió fuera de la puerta de la ciudad, para santificar al pueblo con su propia sangre. Se exhorta a los lectores a salir hacia él fuera del campamento, llevando la deshonra que él llevó, porque aquí no tienen una ciudad permanente, sino que buscan la ciudad que ha de venir.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo termina con saludos de los de Italia. El nombre Italia se usó de distintas maneras en diferentes períodos; a medida que avanzaba el poder de Roma, pasó a designar todo el país al sur de los Alpes. En la época romana había un contacto constante entre Palestina e Italia.Fuentes: el propio texto bíblico · Italy
- El capítulo dice que el hermano Timoteo ha sido puesto en libertad y que el autor espera venir con él si llega pronto. Una nota biográfica describe a Timoteo, o Timotheus —nombre que significa honrar a Dios— como un joven discípulo que acompañó a Pablo en muchos viajes. Su madre, Eunice, y su abuela, Loida, se destacaban por su piedad, y su padre era griego.Fuentes: el propio texto bíblico · Timotheus
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Holy Place · Hoy: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 11
- Italy · 41.892, 12.485 · versículo 24
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org