Hebreos 12
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. 2Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a. 3Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje. 4Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri. 5Eske nou gen tan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwèt. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje. 6Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat. 7Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li? 8Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò. 9Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv. 10Papa nou sou latè a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. 11Lè y'ap peni nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l' ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze. 12Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. 13Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l' ka geri. 14Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a. 15Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. 16Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. 17Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l' sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pa t' gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. 18Nou pa t' pwoche bò kot yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kot Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. 19Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l' sispann pale. 20Yo pa t' kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l' sou mòn sa a, se pou yo touye l' ak kout wòch. 21Moyiz menm, sa l' te wè devan je l' yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè. 22Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. 23Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a. 24Nou pwoche bò kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la. 25Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la. 26Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou. 27Lè li di yon lòt fwa li fè nou konprann lè sa a se tout bagay Bondye te kreye yo ki pral pran tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete. 28Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l' plezi, avèk respè, avèk krentif. 29Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.

¿Sabías que…?
La carrera, la disciplina y el monte Sion
- Hebreos 12 advierte contra ser profano como Esaú, que vendió la primogenitura por una sola comida. Esaú, el gemelo primogénito de Rebeca, era cazador; hambriento al volver de la caza, vendió ese derecho a su hermano Jacob por un guiso de lentejas rojas, y de ahí también le vino el nombre Edom, “rojo”. Después, dice el capítulo, buscó la bendición con lágrimas y fue rechazado.Fuentes: Esau (Edom) · el propio texto bíblico
- Hebreos 12 dice que sus lectores han llegado no a un monte que se puede tocar y que arde en fuego, entre tinieblas, lobreguez y tempestad —donde hasta Moisés dijo: “Estoy temblando de miedo”—, sino al monte Sion y a la Jerusalén celestial, la ciudad del Dios vivo. El monte Sion era la colina sudoriental de Jerusalén; David la tomó de los jebuseos, construyó allí una ciudadela y un palacio, y llegó a ser la ciudad de David. El nombre Jerusalén se explica como “posesión de paz” o “fundamento de paz”, y la ciudad también era llamada la ciudad santa.Fuentes: el propio texto bíblico · Mount Zion · Jerusalem
- Hebreos 12 habla de “la sangre rociada, que habla una palabra mejor que la sangre de Abel”. Abel, el segundo hijo de Adán y Eva, fue muerto por su hermano Caín, después de que el Señor miró con favor a Abel y a su ofrenda, los primogénitos del rebaño, pero no a Caín y su ofrenda, los frutos del campo.Fuentes: el propio texto bíblico · Abel
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org