Nations Bible

Esdras 4

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen soti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 2Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li. 3Zowobabèl, Jozye ak tout lòt chèf fanmi yo reponn yo: -Non mèsi! Nou pa bezwen konkou pesonn pou nou bati yon tanp pou Seyè a, Bondye nou an. N'a bati l' nou menm, pou kont nou ak men nou, jan Siris, wa peyi Pès la, te ban nou lòd fè a. 4Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an. 5Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anba chal pou anpeche travay la mache. Se konsa, pandan tout tan wa Siris t'ap gouvènen an jouk sou rèy wa Dariyis, yo antrave travay moun yo san rete. 6Konsa tou, lè wa Zèsès te fenk pran pouvwa a, yo ekri yon lèt akizasyon voye bay wa a kont moun k'ap viv nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. 7Sou rèy wa Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk lòt kòlèg yo, yo ekri yon lèt plent voye bay Atagzesès, wa peyi Pès la, kont moun Jerizalèm yo. Lèt la te ekri nan lang arameyen, e se pou yo te tradwi l' lè yo t'ap li l'. 8(Dokiman arameyen an konmanse isit la). Se konsa Reyoum, gouvènè a, ak Chimchayi, ki te sekretè pwovens la, ekri yon lèt bay wa Atagzèsès sou keksyon lavil Jerizalèm lan. Men ki jan lèt te pati: 9Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvenman an, moun lavil Den, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam, 10avèk chèf tout lòt pèp k'ap viv koulye a nan lavil peyi Samari yo ak nan rès pwovens ki bò solèy kouche larivyè Lefrat la. Se gran wa Asnapa, wa ki te fè tout moun respekte l' la, ki te depòte yo al fè yo viv kote yo ye koulye a. 11Men kopi lèt yo te voye bay wa a. -Pou wa Atagzèsès. Se nou menm sèvitè ou yo, moun pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, k'ap voye di ou bonjou. 12Nou vle fè wa a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd li yo, yo vini lavil Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay ki mal. Y'ap travay pou rebati gwo miray ranpa lavil la, yo gen tan fini ak fondasyon an. 13Nou vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi. 14Men, paske nou respekte kontra nou gen avè ou la, monwa, nou pa ka rete konsa ap gade moun yo ap kraze enterè wa a. Se poutèt sa nou voye fè wa a konn sa, 15pou l' ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt. 16Nou fè wa a konnen si yo rebati lavil sa a, si yo refè miray ranpa li yo, talè konsa wa a p'ap gen yon teritwa pou li ankò nan pwovens bò solèy kouche larivyè Lefrat la. 17Men repons wa a voye ba yo: -Nou voye gwo bonjou pou Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak tout lòt kòlèg yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat. 18Lèt nou te voye ban mwen an rive jwenn mwen. Yo tradwi l' mo pa mo pou mwen. 19Mwen pase lòd pou yo fè rechèch nan achiv yo, epi yo jwenn lavil sa a, depi tout tan, te toujou derefize soumèt devan otorite wa yo. Se tout tan gen moun la k'ap revòlte, k'ap pran lèzam kont wa yo. 20Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo. 21Se poutèt sa, nou mèt bay lòd pou yo rete travay mesye yo ap fè a: Pesonn p'ap gen dwa rebati lavil sa a toutotan mwen pa bay lòd pou sa. 22Piga nou pote neglijans nan zafè sa a, pou kès wa a pa fè plis defisi pase sa. 23Fini yo fini li lèt wa Atagzèsès la bay Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak lòt kòlèg yo nan gouvènman an, mesye yo leve, yo kouri lavil Jerizalèm al jwenn jwif yo, avèk zam nan men yo, yo fòse yo sispann travay la. 24Se konsa yo te rete travay tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lanne rèy Dariyis, wa peyi Pès la.

¿Sabías que…?

Oposición a la reconstrucción en Jerusalén

  • Cuando los exiliados que regresaron comenzaron a reconstruir el templo, los pueblos vecinos se ofrecieron a colaborar, afirmando que habían ofrecido sacrificios a Dios desde que el rey Esar-hadón de Asiria los reubicó en la región. Cuando Zorobabel y los líderes judíos rechazaron la propuesta, estos vecinos se opusieron activamente al proyecto e intimidaron a los constructores.Fuentes: el propio texto bíblico · Zerubbabel · Esar-haddon
  • Los líderes de la oposición, incluidos el comandante Rehum y el escriba Simsai, enviaron una carta en arameo al rey Artajerjes advirtiéndole que la reconstrucción de Jerusalén causaría pérdidas de tributos y rebelión. Artajerjes revisó los registros reales, confirmó revueltas pasadas y ordenó detener la obra por la fuerza hasta el reinado del rey Darío de Persia.Fuentes: el propio texto bíblico · Rehum · Shimshai · Artaxerxes

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 2
  • Persia · 34.806, 48.516 · versículos 3, 5, 7, 9, 24
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 8, 12, 19, 20, 23, 24
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 9, 12
  • Elam · 32.189, 48.258 · versículo 9
  • Erech · Hoy: Uruk · 31.322, 45.636 · versículo 9
  • Susa · Hoy: Shush · 32.189, 48.258 · versículo 9
  • Beyond the River · 31.777, 35.234 · versículos 10, 11, 16, 17, 20
  • Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 10, 17

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.