Esdras 3
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm. 2Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. 3Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè. 4Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a. 5Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Seyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Seyè a san se pa li ki mande yo fè l'. 6Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a. 7Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo. 8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a. 9Se konsa Jozye, pitit gason l' yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l' yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsablite travay ki t'ap fèt nan tanp Bondye a. 10Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Seyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan. 11Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a. 12Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon tanp lan t'ap moute ankò devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan. 13Men, pesonn pa t' ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.

¿Sabías que…?
Reconstrucción del altar y cimientos del templo
- Los exiliados que regresaron restablecieron el culto sacrificial en el monte del templo antes de comenzar las grandes obras de construcción. Encabezados por Zorobabel y el sacerdote Jesúa, reconstruyeron el altar en su sitio original para reanudar las ofrendas diarias y celebrar la Fiesta de los Tabernáculos antes de colocar los cimientos del templo.Fuentes: el propio texto bíblico · Zerubbabel · Joshua
- Para obtener madera para la reconstrucción, la comunidad pagó a albañiles y carpinteros, y envió alimento, bebida y aceite a Tiro y Sidón para transportar por mar cedros del Líbano hasta el puerto de Jope, según lo autorizado por Ciro, rey de Persia.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon · Joppa · Cyrus
- La colocación de los cimientos de la casa del Señor provocó reacciones intensas y encontradas. Mientras muchos prorrumpían en aclamaciones de gozo al compás de trompetas y címbalos, los sacerdotes, levitas y jefes de familia de más edad que habían conocido el primer templo lloraban a gran voz.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 8
- Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 7
- Joppa · Hoy: Jaffa · 32.054, 34.753 · versículo 7
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 7
- Persia · 34.806, 48.516 · versículo 7
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 7
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 7
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org