Hechos 18
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent. 2Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fèk rive soti Itali ansanm ak madanm li yo te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo, 3epi l' rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fè tant an twal. 4Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès. 5Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan. 6Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo. 7Konsa li soti, li ale lakay Titris Jistis. Se te yon nonm ki pa t' jwif men ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Kay li te tou kole ak sinagòg la. 8Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm. 9Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki di li: Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou. 10Mwen la avèk ou. Pesonn p'ap ka mete men sou ou pou fè ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la. 11Konsa, Pòl pase dizwit mwa lavil Korent, li t'ap moutre moun yo pawòl Bondye a. 12Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la, 13epi yo di: Nonm sa a ap chache pran tèt moun pou fè yo sèvi Bondye yon jan ki kont lalwa. 14Pòl tapral pale, lè Galyon di jwif yo konsa: Nou menm jwif, koute: si se te yon krim osinon yon movezak li te fè, mwen ta pèdi tan m' koute nou. 15Men, si se yon bann diskisyon sou mo, sou non, sou lalwa jwif yo, sa se zafè ki gade nou. Mwen p'ap antre nan bagay konsa pou m' mete rezon. 16Epi li mete tout moun deyò nan tribinal la. 17Lè sa a, jwif yo mete men sou Sostèn, chèf sinagòg la, yo bat li byen bat devan tribinal la. Men, Galyon pa okipe yo menm. 18Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve. 19Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo. 20Yo mande l' pou l' rete pi lontan ak yo, men li pa t' vle. 21Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wè nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efèz. 22Lè l' debake lavil Sezare, li moute Jerizalèm, li pase di legliz la bonjou. Apre sa, li al Antiòch. 23Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye. 24Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo. 25Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l' te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen. 26Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk. 27Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou. 28Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la.

¿Sabías que…?
La estancia de Pablo en Corinto
- Aquila, natural del Ponto, y su esposa Priscila habían salido de Italia porque el emperador Claudio ordenó que todos los judíos dejaran Roma. El Easton's Bible Dictionary (1897) fecha ese decreto en el 49 d.C. en la entrada de Claudio y en el 50 d.C. en la de Aquila. Pablo se quedó con ellos en Corinto y trabajó en el mismo oficio, haciendo tela de pelo de Cilicia para tiendas.Fuentes: Aquila · Claudius (4th Roman Emperor) · el propio texto bíblico
- La Corinto de este capítulo no era la antigua ciudad griega, destruida por los romanos en el 146 a.C., sino una ciudad reconstruida cerca de un siglo después y poblada por una colonia de libertos venidos de Roma. Estaba en el istmo, a unas 48 millas al oeste de Atenas, y era la sede romana del gobierno de Acaya, en el sur de Grecia. Se la conocía por su riqueza y por los hábitos lujosos, inmorales y viciosos de su gente.Fuentes: Corinth · Achaia
- Galión, hermano mayor del filósofo Séneca, era procónsul de Acaya bajo Claudio cuando los judíos llevaron a Pablo ante el tribunal. Acaya era una provincia senatorial, y el gobernador de una provincia así se llamaba procónsul, título usado en este capítulo. Galión se negó a juzgar una disputa sobre palabras, nombres y la ley judía, y echó a los acusadores del tribunal.Fuentes: Gallio · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Athens · 37.972, 23.727 · versículo 1
- Corinth · 37.906, 22.879 · versículos 1, 8, 11, 12, 18
- Italy · 41.892, 12.485 · versículo 2
- Pontus · 40.680, 37.830 · versículo 2
- Rome · 41.892, 12.485 · versículo 2
- Macedonia · 41.600, 22.540 · versículo 5
- Achaia · 38.720, 22.540 · versículos 12, 27
- Cenchreae · Hoy: Kechries · 37.884, 22.997 · versículo 18
- Syria · Hoy: Syria 2 · 33.511, 36.306 · versículo 18
- Ephesus · 37.939, 27.341 · versículos 19, 21, 24, 27
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 21, 22
- Antioch · Hoy: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículos 22, 23
- Caesarea · Hoy: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · versículo 22
- Galatia · 39.267, 32.983 · versículo 23
- Phrygia · 39.000, 31.000 · versículo 23
- Alexandria · 31.183, 29.896 · versículo 24
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 24
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org