Nations Bible

Hechos 17

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagòg. 2Jan l' te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sak te ekri nan Liv yo. 3Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la. 4Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou. 5Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la. 6Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di: Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, koulye a yo rive jouk isit la. 7Jazon menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lòt wa yo rele Jezi. 8Jwif yo te mete foul moun yo ansanm ak chèf yo ankòlè anpil avèk pawòl sa a. 9Jazon ak lòt frè yo te blije fè yon depo lajan pou chèf yo te ka lage yo. 10Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y' al nan sinagòg jwif yo. 11Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre. 12Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè. 13Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo kòmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo. 14Lè frè yo wè sa, yo fè Pòl pati ale jouk bò lanmè a. Men, Silas ak Timote te rete Bere. 15Moun ki t'ap kondi Pòl yo mennen l' jouk lavil Atèn. Apre sa, yo tounen Bere. Pòl menm te voye lòd bay Silas ak Timote pou yo te vin jwenn li touswit. 16Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l' anpil lè l' wè ki jan lavil la te plen zidòl. 17Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la. 18Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò. 19Lè sa a, yo pran l', yo mennen l' nan Aewopaj la. Epi yo di li: Nou ta renmen konnen tout bagay nèf sa yo w'ap montre moun yo la a. 20W'ap di yon bann bagay dwòl nan zòrèy nou. Nou ta renmen konnen sa yo vle di. 21(Se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fèk parèt.) 22Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Aewopaj la, li di: Nou menm moun Atèn, mwen wè nou se moun ki renmen relijyon anpil. 23Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan lavil nou an, mwen wè tout kote nou fè sèvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotèl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen l' lan, se li menm m'ap fè nou konnen la a. 24Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. 25Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. 26Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. 27Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. 28Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li. 29Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tèt nou Bondye tankou yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè yon pòtre ki soti nan tèt yo. 30Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. 31Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò. 32Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l' nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: N'a tande koze sa a yon lòt jou. 33Se konsa Pòl soti nan mitan yo. 34Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakò pou yo te mache ak Pòl epi ki te kwè. Pami yo te gen Deni, manm Aewopaj la, yon fanm yo te rele Damaris ak kèk lòt ankò.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

De la sinagoga al Areópago

  • Tesalónica era una ciudad grande y populosa a orillas del golfo Termaico, capital de uno de los cuatro distritos romanos de Macedonia, gobernada por un pretor. Jasón hospedó allí a Pablo y a Silas; una multitud allanó su casa y, al no hallar a los dos, arrastraron a Jasón y a otros hermanos ante las autoridades de la ciudad. Los acusaron de acoger a hombres que desafiaban los decretos del César y hablaban de otro rey, Jesús, y las autoridades solo los soltaron después de tomar fianza.Fuentes: Thessalonica · Jason · el propio texto bíblico
  • Atenas, capital del Ática, era celebrada como sede de la literatura y el arte griegos, y sus habitantes eran aficionados a la novedad y notables por su celo en el culto a los dioses. Un satírico romano decía que era más fácil encontrar un dios en Atenas que un hombre. El Areópago, una colina rocosa al noroeste de la Acrópolis, era el lugar donde funcionaban el tribunal supremo ateniense y el tribunal de las costumbres, y Pablo pronunció el discurso de este capítulo desde algún punto de esa colina.Fuentes: Athens · Areopagus · el propio texto bíblico
  • Pablo y Silas llegaron a Tesalónica solo después de pasar por Anfípolis, ciudad macedonia y gran estación militar romana, a treinta y tres millas romanas de Filipos, y por Apolonia, a unas treinta y seis millas de Tesalónica. Cuando los disturbios los siguieron hasta Berea, otra ciudad de Macedonia, los hermanos enviaron a Pablo a la costa, y quienes lo escoltaron lo llevaron hasta Atenas. Silas y Timoteo se quedaron en Berea, con la instrucción de reunirse con Pablo tan pronto como pudieran.Fuentes: Amphipolis · Apollonia · Berea · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Amphipolis · 40.820, 23.847 · versículo 1
  • Apollonia · 40.624, 23.470 · versículo 1
  • Thessalonica · Hoy: Thessaloniki · 40.638, 22.946 · versículos 1, 11, 13
  • Berea · Hoy: Veria · 40.518, 22.200 · versículos 10, 11, 13, 14, 15
  • Athens · 37.972, 23.727 · versículos 15, 16, 21, 22
  • Areopagus · 37.972, 23.724 · versículos 19, 22, 33

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.